Nations Bible

Jó 32

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li. 2Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye. 3Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men kareman, yo te kondane Job. 4Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li. 5Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.

6Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di:

“Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou granmoun.

Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.

7Mwen te reflechi ke se laj ki te dwe pale,

ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.

8Men se yon lespri ki nan lòm,

e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.

9Anpil ane pa vle di saj,

ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.

10Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen;

mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’

11“Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo.

Mwen te koute byen rezonman pa nou yo,

pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.

12Menm mwen te swiv nou byen pre;

anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job.

Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.

13Pran atansyon nou pa di: ‘Nou jwenn sajès.

Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’

14Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm,

ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.

15“Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò.

Yo pa gen mo ki pou di.

16Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale?

Akoz yo rete e pa reponn ankò?

17Mwen menm tou va reponn pou kont mwen,

mwen osi va bay pozisyon pa m.

18Paske mwen chaje ak pawòl.

Lespri m anndan mwen bourade m.

19Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire;

tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.

20Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman;

kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.

21Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun,

ni flate pèsòn.

22Paske mwen pa konn flate moun,

sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Eliú entra no debate

  • Eliú, filho de Baraquel, o buzita, da família de Rão, surge pela primeira vez depois que os três amigos de Jó deixam de responder. Seus discursos se estendem do capítulo 32 ao capítulo 37.Fontes: o próprio texto bíblico · Elihu · Barachel · Ram
  • Eliú se irrita com ambos os lados do debate: ele fica furioso com Jó por justificar a si mesmo em vez de a Deus, e zangado com os três companheiros idosos porque condenaram Jó sem refutar seus argumentos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Por deferência cultural aos mais velhos, Eliú permaneceu em silêncio durante os debates anteriores, acreditando que a idade ensinava sabedoria. Ele só fala quando os outros ficam sem palavras, afirmando que o verdadeiro entendimento vem do fôlego e do espírito do Todo-Poderoso, e não apenas da idade.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.