Jó 30
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m.
Papa a sila mwen pat ta dakò pou
mete ansanm ak chen bann mouton yo.
2Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m?
Gwo fòs te deja disparèt nan yo
3akoz mank bagay ak grangou.
Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
4Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la.
Manje yo se rasin bayawonn.
5Yo chase yo deyò lavil la nan dezè;
yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
6jiskaske yo vin rete nan move ravin yo,
nan twou tè ak nan wòch yo.
7Pami rak tibwa yo, yo rele fò.
Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
8Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo,
yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
9Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib;
mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
10Yo pè m, yo kanpe lwen m,
e yo pa sispann krache nan figi m.
11Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen,
yo rete retire brid la nèt devan m.
12Sou men dwat lan, nich sa vin leve.
Yo rale pye mwen akote.
Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
13Yo gate wout mwen.
Yo bourade lachit mwen
san mande sekou.
14Tankou nan yon gran brèch, yo parèt;
nan mitan tanpèt, yo woule m.
15Gwo perèz yo vin vire kont mwen.
Yo tanmen gate respè m tankou van.
Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
16Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt.
Jou afliksyon yo sezi m.
17Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m,
e sa yo kap manje m pa pran repo.
18Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen.
Li mare m nèt tankou kolye manto m.
19Li te jete mwen nan labou,
e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
20Mwen kriye a Ou menm pou sekou,
men Ou pa reponn mwen.
Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
21Ou vin okipe m ak mechanste.
Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.
22Ou leve m wo sou van, e fè m monte;
epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
23Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò,
jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
24Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l?
Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?
25Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?
26Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m;
lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
27Kè m twouble nèt anndan m.
Mwen pa kab poze.
Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
28Mwen fè dèy toupatou san solèy.
Mwen kanpe nan asanble;
mwen rele sekou.
29Mwen te vin frè ak chen mawon,
zanmi ak otrich la.
30Chè m vin nwa sou mwen,
li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.
31Pou sa, se doulè ap mwen jwe,
e flit mwen an sone pou sila k ap kriye.

Você sabia?
Humilhação, sofrimento físico e os excluídos do deserto
- Neste capítulo, Jó contrasta sua antiga honra com sua humilhação presente nas mãos de marginalizados empobrecidos. Ele descreve esses homens sobrevivendo à margem da sociedade, colhendo malva e raízes de giesta em leitos secos de rios e fendas de rochas.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jó emprega metáforas de cerco militar, retratando seus agressores como um exército invasor que constrói rampas e rompe muralhas contra ele, enquanto padece de dores intensas, febre nos ossos e pele escurecida que descasca.Fontes: o próprio texto bíblico
- Para expressar a solidão e a intensidade de sua dor, Jó se compara aos uivos de criaturas do deserto, chamando a si mesmo de irmão de chacais e companheiro de avestruzes, enquanto seus instrumentos musicais, como a harpa e a flauta, se voltam apenas para o pranto.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org