Nations Bible

Jó 20

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:

2“Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons,

menm akoz tout anndan m tèlman ajite.

3Mwen tande repwòch ki fè m wont.

Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.

4Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an,

depi lòm te mete sou latè,

5Ke viktwa a mechan yo kout,

e jwa a enkwayan an se pou yon moman?

6Malgre wotè li ta rive nan syèl la,

pou tèt li ta touche nwaj yo,

7l ap peri nèt tankou fatra.

Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’

8Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li.

Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale.

9Zye ki te wè l la pa wè l ankò,

e plas li a pa gade li ankò.

10Fis li yo fè byen pou malere yo,

e men yo remèt byen li yo.

11Zo li yo plen ak fòs jenès li,

men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.

12“Sepandan, mechanste dous nan bouch li

e li kache li anba lang li,

13Li pito mal la, e refize lage l,

men kenbe li nan bouch li,

14men manje nan vant li vire.

Li tounen pwazon vipè anndan l.

15Li te vale richès,

men vomi fè yo retounen vin parèt.

Bondye va fè yo sòti nan vant li.

16Li souse pwazon koulèv yo;

lang a vipè a kap touye li.

17Li pa gade dlo yo ankò,

ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.

18Li remèt sa ke li te pran an.

Li pa kab vale l.

Afè richès a komès li yo,

li pa kab menm rejwi de yo.

19Paske li te oprime e abandone malere yo.

Li te sezi yon kay ke li pa t bati.

20“Akoz li pa t kab kalme kè l,

li pat kab kenbe anyen nan sa li renmen.

21Anyen pat rete ke li pat devore;

akoz sa a, byen li yo pat dire.

22Ranpli ak tout bagay li, li va jennen;

men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.

23Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li.

Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.

24Li kapab sove ale devan zam fèt ak fè a,

men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.

25L ap rale sòti parèt dèyè do li,

menm pwent glise a soti nan fyèl li.

Gwo laperèz va parèt sou li.

26Fènwa nèt rezève kon trezò li,

e flanm dife san van an va devore li.

Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.

27Syèl yo va revele inikite li

e tè a va leve kont li.

28Riches lakay li va pati,

posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a.

29Sa se pòsyon a moun mechan

k ap sòti nan men Bondye,

sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Zofar e o Destino dos Ímpios

  • Zofar é identificado como naamatita, indicando uma localidade desconhecida chamada Naamá. Na antiga tradução grega da Septuaginta, ele é descrito como rei dos mineus ou maonitas do sul da Arábia.Fontes: Zophar · o próprio texto bíblico
  • Em seu discurso, Zofar emprega metáforas de digestão e veneno, afirmando que a riqueza obtida de forma injusta se transforma em veneno de víboras e cobras no estômago do ímpio.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Zofar também incorpora imagens militares da antiguidade, descrevendo o transgressor que foge de uma arma de ferro apenas para ser trespassado por uma flecha com ponta de bronze.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.