Jó 14
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
2Tankou yon flè, li parèt e li fennen.
Anplis, li sove ale kon lonbraj.
Li pa dire.
3Èske Ou ouvri zye Ou sou li
pou mennen li an jijman avèk Ou?
4Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp?
Pèsòn!
5Konsi fòs jou li yo avèk Ou,
fòs mwa li yo avèk Ou.
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
6Retire zye Ou sou li pou l kab pran repo,
jiskaske li kab konplete jou li yo,
kon yon ouvriye jounalye.
7Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe,
li kab boujonnen ankò,
nouvo boujon yo kab reyisi.
8Malgre rasin li yo vin vye nan tè a,
e chouk li mouri nan tè sèch,
9fè rive yon gout dlo,
e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
10Men lòm mouri pou kouche plat.
Lòm mouri e kibò li ye?
11Tankou dlo lanmè fè vapè monte
e rivyè a vin sèch,
12konsa lòm kouche, e li pa leve ankò.
Jiskaske syèl yo vin disparèt,
li p ap reveye, ni leve ankò.
13O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an,
pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou
retounen kote Ou!
Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!
14Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?
Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann
jiskaske lè rive pou yo lage m.
15Ou ta rele e mwen ta reponn Ou;
Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.
16Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo.
Èske Ou pa swiv peche m yo?
17Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè
Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.
18Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen;
wòch la ap kite plas li.
19Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a.
Se konsa Ou detwi espwa a lòm.
20Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati;
Ou chanje aparans li, e voye l ale.
21Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa;
oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
22Men kò l fè mal;
epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.

Você sabia?
A Fragilidade da Vida e a Esperança de Renovação
- Neste discurso, Jó contrasta o destino dos mortais com o de uma árvore. Enquanto uma árvore cortada pode brotar novamente ao menor cheiro de água, mesmo que seu tronco pareça morto, o ser humano morre, se deita e não volta a se levantar nesta terra.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jó contempla o Sheol como um possível refúgio onde poderia ficar oculto até passar a ira divina, imaginando um momento em que Deus guardaria suas transgressões em um saco selado e chamaria pela obra de Suas mãos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Para ilustrar a brevidade e o desgaste da existência humana, o capítulo recorre a metáforas naturais de erosão e efemeridade, comparando a vida a uma sombra passageira, a uma flor murcha e a rochas desgastadas pela água.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org