João 9
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
2Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”
3Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. 4Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. 5Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”
6Lè L di sa, Li krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li. 7Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “voye”).
Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
8Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn chita mande a?”
9Lòt t ap di: “Se li menm”, men lòt toujou te di “Non, men li byen sanble li”.
Li menm t ap di toujou, “Mwen menm se li”.
10Pou sa yo te di li: “Ebyen, kijan zye ou te louvri?”
11Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”
12Yo te mande li: “Kote Li?”
Li te reponn yo: “Mwen pa konnen”.
13Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo. 14Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.
15Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.
16Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.”
Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
17Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?”
Li te di: “Li se yon pwofèt.”
18Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li. 19Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”
20Paran li te reponn yo epi te di: “Nou konnen ke sa se pitit nou, e ke li te fèt avèg. 21Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.” 22Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la. 23Pou rezon sa a, paran li yo te di: “Li rive sou laj li. Mande li.”
24Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: “Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”
25Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”
26Yo te mande l konsa: “Kisa Li te fè ou? Kijan Li te ouvri zye ou?”
27Li te reponn yo: “Mwen te di nou sa deja, men nou pa t koute m. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip Li yo tou?”
28Konsa, yo te joure li e te di: “Ou se disip Li, men nou se disip a Moïse. 29Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, nou pa konnen kote Li sòti.”
30Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen. 31Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li. 32Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg. 33Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”
34Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.
35Jésus te tande ke yo te mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”
36Li te reponn: “Se kilès Li ye, Senyè, pou m kab kwè nan Li?”
37Jésus te di li: “Non sèlman ou konn wè L deja, men se Li menm k ap pale avèk ou.”
38Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te adore Li.
39Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”
40Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: “Èske se nou menm ki avèg tou a?”
41Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”

Você sabia?
O homem cego de nascença
- O tanque de Siloé, para onde Jesus mandou o homem lavar-se, é explicado na narrativa como significando Enviado; uma nota sobre o lugar também traduz o nome como Enviado ou envio. Essa nota identifica o tanque com Birket Silwan, no vale inferior do Tiropeon, a sudeste do monte Sião. A água chegava até ele de modo intermitente por um canal subterrâneo sinuoso de 1750 pés, embora a distância direta fosse de apenas 1100 pés, a partir da Fonte da Virgem, e o tanque media 53 pés de norte a sul, 18 pés de largura e 19 de profundidade.Fontes: Siloam · o próprio texto bíblico
- Os discípulos de Jesus supunham que alguém havia pecado, o homem ou os pais dele, porque ele nascera cego. Jesus respondeu que nem um nem outros haviam pecado e que isso acontecera para que as obras de Deus se manifestassem nele. Mesmo depois, alguns dos que interrogavam o homem falaram dele como nascido em pleno pecado.Fontes: o próprio texto bíblico
- O dia em que Jesus fez lama e abriu os olhos do homem era um sábado, e os fariseus ficaram divididos: alguns diziam que ele não vinha de Deus, porque não guardava o sábado, enquanto outros perguntavam como um homem pecador poderia realizar tais sinais. Os pais do homem tiveram medo de dizer como ele agora via, porque quem confessasse Jesus como o Cristo seria expulso da sinagoga. Uma cronologia do acontecimento situa a cura em 29 d.C. e lhe atribui a duração de um dia.Fontes: o próprio texto bíblico · Blind Man Healed
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org