João 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre bagay sa yo, te gen yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
2La nan Jérusalem toupre pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. 3Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. 4Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
5Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
6Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
7Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
8Jésus te di l “Leve, pran kabann ou, epi mache!”
9Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jou sa a se te jou Saba.
10Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
11Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’”
12Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
13Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
14Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
15Nonm nan te ale e te di Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
16Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
17Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
18Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
19Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 20Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone. 21Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
22“Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la, 23Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
24“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25“Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
26“Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27Li te bay Li otorite pou egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
28“Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
30“Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
31“Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. 32Gen yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
33“Ou te voye kote Jean, epi Li te bay temwayaj a verite a. 34Men temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
35“Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
36“Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. 37E Papa a ki te voye M nan, Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
38“E nou pa gen pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
40“Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
41“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm. 42Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lanmou Bondye nan nou menm.
43“Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.
“Men si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l. 44Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.
45“Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
46“Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske li te ekri selon Mwen menm. 47Men si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”

Você sabia?
Uma cura no sábado em Betesda
- Perto da Porta das Ovelhas, na muralha oriental de Jerusalém, havia um tanque com cinco pórticos cobertos, chamado Betesda em hebraico, nome que significa 'casa de misericórdia'. A palavra grega para o tanque significa um banho de natação ou reservatório, e um grande número de enfermos, cegos, coxos e paralíticos jazia sob as colunatas, à espera de que a água se agitasse. O lugar também é chamado Betsaida e Bete-Zata; o historiador Eusébio, por volta de 330 d.C., o chama de tanque das ovelhas, e o Dicionário Bíblico de Easton (1897) o identifica com a chamada Fonte da Virgem, no vale do Cedrom, perto do tanque de Siloé.Fontes: Bethesda · Sheep Gate · o próprio texto bíblico
- Uma cronologia do acontecimento situa a cura em Betesda no ano 28 d.C., e o Evangelho diz que ela ocorreu num sábado. Aqueles a quem o relato chama de judeus disseram ao homem curado que era ilícito carregar o leito naquele dia. Quando Jesus respondeu que o Pai continuava trabalhando e que ele também trabalhava, eles procuraram ainda mais matá-lo, porque o ouviram chamar a Deus de seu próprio Pai, fazendo-se igual a Deus.Fontes: Bethesda pool healing · o próprio texto bíblico
- No discurso que se segue, Jesus apela ao testemunho de João Batista, a quem o Dicionário Bíblico de Easton (1897) chama de precursor do Senhor e cuja missão, segundo o dicionário, foi objeto de profecia. Jesus o descreve como uma lâmpada que ardia e iluminava, em cuja luz o povo quis se alegrar por um tempo, embora diga ter um testemunho maior que o de João: as obras que o Pai lhe deu para realizar.Fontes: John the Baptist · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2
- Bethesda · Hoje: Pool of Bethesda · 31.781, 35.236 · versículo 2
- Sheep Gate · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org