Nations Bible

João 3

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

3Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

4Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

5Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. 7Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ 8Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”

9Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”

10Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo? 11Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.

12“Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.

13“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.

14“Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

16“Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

18“Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

19“Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

20“Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

22Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap batize.

23Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize. 24Paske Jean potko jete nan prizon.

25Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè pirifikasyon. 26Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”

27Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’

29“Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”

31Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.

32Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li. 33Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè. 34Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.

35Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.

36Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O novo nascimento e o testemunho de João

  • Nicodemos, cujo nome significa "o povo é vencedor", era fariseu e membro do Sinédrio. Ele foi a Jesus de noite para conhecer melhor o seu ensino, e o Evangelho o chama de líder dos judeus; Jesus se dirige a ele como mestre de Israel.Fontes: Nicodemus · o próprio texto bíblico
  • Depois dessa conversa, Jesus e seus discípulos foram para a região rural da Judeia, que sob os romanos era a mais meridional das três divisões da Palestina. João também batizava em Enom, perto de Salim, porque ali havia água em abundância; Salim, cujo nome significa "pacífico", ficava a oeste do Jordão. Enom significa "fontes", e o Dicionário Bíblico de Easton (1897) situa o lugar provavelmente perto da nascente superior do Wady Far'ah, um vale aberto cheio de fontes que vai do monte Ebal até o Jordão.Fontes: o próprio texto bíblico · Judea · Aenon · Salim
  • Neste capítulo, João diz a seus discípulos que não é o Cristo, mas que foi enviado adiante dele, e a narrativa observa que ele ainda não tinha sido preso. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) o descreve como o precursor de Jesus, de descendência sacerdotal, e diz que sua missão foi objeto de profecia.Fontes: o próprio texto bíblico · John the Baptist

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 22
  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 22
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 26

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.