João 14
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2“Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
5Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
6Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen. 7Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”
8Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
9Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?
“Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.
12“Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.
13“Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.
15“Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16“Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
18“Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou. 19Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou. 20Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.
21“Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
22Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
23Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
25Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
27Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
28“Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M. 29E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
30“Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen. 31Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l.
“Leve, annou kite isit la.”

Você sabia?
Jesus, o Caminho para o Pai
- Tomé, um dos doze, diz a Jesus que os discípulos não sabem para onde ele vai e, por isso, não podem conhecer o caminho. Também era chamado Dídimo, o equivalente grego de seu nome hebraico, que significa "gêmeo". O Easton's Bible Dictionary (1897) observa que o que se conhece dele está registrado no quarto Evangelho, inclusive nesse diálogo.Fontes: o próprio texto bíblico · Thomas
- Filipe, também um dos doze e natural de Betsaida, a cidade de André e Pedro, pede a Jesus que lhes mostre o Pai. Jesus responde que tem estado com eles todo esse tempo e que quem o viu viu o Pai. O Easton's Bible Dictionary (1897) cita esse diálogo entre as passagens que sugerem que Filipe ocupava um lugar de destaque entre os apóstolos.Fontes: o próprio texto bíblico · Phillip the Apostle
- O discípulo que pergunta por que Jesus vai se revelar aos discípulos e não ao mundo é chamado Judas, não o Iscariotes, para distingui-lo de Judas Iscariotes, filho de Simão, homem de Queriot, que traiu Jesus. O Easton's Bible Dictionary (1897) diz que João provavelmente se refere ao mesmo apóstolo chamado Lebeu em Mateus, Tadeu em Marcos e Judas, irmão de Tiago, em Lucas, e o identifica como Judas, autor da epístola.Fontes: o próprio texto bíblico · Lebbaeus Thaddaeus · Judas Iscariot
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org