Nations Bible

João 11

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.

2Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. 3Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”

4Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.” 5Konsa, Jésus te renmen Marthe ak sè li, ak Lazare. 6Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a. 7Apre sa, Li te di a disip Li yo: “Annou ale nan Judée ankò.”

8Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”

9Jésus te reponn yo: “Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen, li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. 10Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”

11Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”

12Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” 13Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vre dòmi.

14Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri, 15e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”

16Pou sa, Thomas, ke yo rele osi Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”

17Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou. 18Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.

19Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.

20Pou sa, lè Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.

21Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri. 22Menm koulye a, mwen konnen ke nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”

23Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”

24Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”

25Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

27Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”

28Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: “Mèt la rive, e L ap mande pou ou.” 29E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li. 30Jésus poko te rive nan bouk la, men te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a. 31Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.

32Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”

33Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34Li te di: “Kibò nou mete Li?”

Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”

35Jésus te kriye.

36E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.” 37Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”

38Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.

39Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”

40Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”

41Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”

43Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.” 44E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li.

Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”

45Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.

46Men kèk nan yo te ale nan Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.

47Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.” 48“Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”

49Men youn nan yo, Caïphe, ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen, 50ni nou pa kontwole ke li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.” 51Alò li pa t di sa pou kont li, men akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an. 52E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo. 53Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.

54Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.

55Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye. 56Konsa, yo t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?” 57Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Lázaro ressuscitado em Betânia

  • João situa Betânia, a aldeia de Lázaro e de suas irmãs Maria e Marta, a pouco menos de duas milhas de Jerusalém. O dicionário bíblico de Easton (1897) a localiza na encosta sudeste do monte das Oliveiras, no caminho de Jericó, e diz que o nome vinha das palmeiras que ali cresciam e que a aldeia era conhecida como el-Azariyeh, “lugar de Lázaro”.Fontes: Bethany · o próprio texto bíblico
  • Tomé, um dos doze, também era chamado Dídimo, o equivalente grego do seu nome, que significa “gêmeo”. Quando Jesus resolveu voltar à Judeia, onde pouco antes tinham tentado apedrejá-lo, Tomé disse aos outros discípulos: “Vamos nós também, para morrermos com ele”.Fontes: Thomas · o próprio texto bíblico
  • Depois que alguns contaram o que Jesus tinha feito, os principais sacerdotes e os fariseus reuniram o Sinédrio, com medo de que, se todos cressem em Jesus, os romanos lhes tirassem o lugar e a nação. Caifás, sumo sacerdote naquele ano e, segundo o dicionário bíblico de Easton (1897), um saduceu que ocupou o cargo de 27 a 36 d.C., disse que era melhor que um homem morresse pelo povo do que perecesse a nação inteira. João diz que, como sumo sacerdote naquele ano, ele profetizava que Jesus morreria pela nação, e daquele dia em diante tramaram matá-lo.Fontes: Caiaphas · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 7, 8, 54
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 18, 54, 55
  • Ephraim · Hoje: Taybeh · 31.954, 35.300 · versículo 54

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.