Jeremias 8
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. 2Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè. 3Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo. 4“Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a,
“‘Èske moun konn tonbe pou l pa leve ankò?
Èske moun konn vire kite pou l pa retounen
5Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te vire akote nan enfidelite san rete a?
Yo kenbe rèd a desepsyon.
Yo refize retounen.
6Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat;
okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:
‘Kisa mwen te fè la a?’
Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,
tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.
7Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.
Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;
men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
8“‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’,
epi lalwa SENYÈ a avèk nou?”
Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.
9Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi.
Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ a.
Ki kalite sajès k ap rete nan yo?
10Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun,
ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo.
Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an,
yo tout lanvi gen sa ki pou lòt.
Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.
11Yo fè gerizon pèp Mwen an ak pansman lejè.
Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè.
12Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo?
Anverite, yo pa t wont.
Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont.
Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo.
Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.
13“‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a.
P ap gen rezen sou chan rezen an,
ni fig sou pye figye etranje a.
Fèy yo va fennen,
epi sa ke M te bay yo va disparèt.’”
14“Poukisa nou chita an plas?
Rasanble nou!
Annou antre nan vil fòtifye yo,
epi la, annou rete an silans;
paske SENYÈ a, Bondye nou an,
te fè nou tonbe an silans.
Li te bannou dlo anpwazone pou nou bwè,
paske nou te peche kont SENYÈ a.
15Nou te tann lapè, men anyen bon pa t vini;
yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.
16Soti nan Dan te tande gwo souf cheval.
Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke;
paske yo te vini devore peyi a ak tout sa ki ladann,
vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
17“Paske gade byen, Mwen ap voye sèpan yo kont nou,
vipè yo ki p ap ka chame;
e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
18Tristès Mwen depase gerizon;
kè M fennen anndan m!
19Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an
soti nan yon peyi byen lwen:
“Èske SENYÈ a pa nan Sion?
Èske wa li a pa nan li?”
“Poukisa yo pwovoke fache Mwen ak imaj taye yo;
ak zidòl etranje yo?”
20“Rekòlt la fin pase.
Gran sezon an fini,
e nou poko sove.”
21Akoz fi a pèp mwen an brize,
mwen menm brize tou;
mwen fè dèy konsi pou yon mò.
Mwen kraze ba nèt.
22Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?
Èske nanpwen doktè la?
Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?

Você sabia?
Juízo, engano e o bálsamo de Gileade
- Jeremias contrasta o instinto natural de aves migratórias, como a cegonha, a rola, o andorinhão e o tordo, com a conduta do povo de Jerusalém. Enquanto as aves conhecem instintivamente suas épocas determinadas e o tempo de migração, o povo teimosamente se recusa a retornar para Deus.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
- O aviso de que o resfolegar dos cavalos de guerra inimigos é ouvido desde Dã aponta para uma invasão vinda do extremo norte. Dã ficava no extremo setentrional da terra, indicando que o exército invasor destruidor já avançava sobre o território.Fontes: o próprio texto bíblico · Dan
- O lamento do profeta, 'Não há bálsamo em Gileade?', evoca Gileade, uma região montanhosa situada a leste do rio Jordão. Jeremias recorre à imagem de médicos e remédios dessa região para lamentar o colapso moral e físico de seu povo que permaneceu sem cura.Fontes: o próprio texto bíblico · Gilead
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 5
- Dan · Hoje: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 16
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 19
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 22
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org