Nations Bible

Jeremias 46

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie, pwofèt la, konsènan nasyon yo.

2Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.

3“Alinye pwotèj ak boukliye

e pwoche pre pou batay la.

4Sele cheval, e monte sou do yo;

pran pozisyon nou ak kas nan tèt!

Netwaye tout lans yo,

e mete abiman an bwonz!

5Poukisa mwen te wè sa?

Yo pè nèt, y ap rale fè bak,

mesye pwisan yo fin bat nèt,

e sèl abri yo sove ale san gade dèyè.

Se gwo laperèz tout kote!”

deklare SENYÈ a.

6Pa kite sila ki pi rapid la sove ale,

ni moun pwisan an chape poul li.

Nan nò, akote rivyè Euphrate la,

yo te glise, chape tonbe.

7Se kilès sa ki leve tankou rivyè Nil la,

tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?

8Égypte leve tankou rivyè Nil la,

menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo.

Li te di: “Mwen va leve kouvri peyi sa a;

anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”

9An avan, cheval yo!

Kouri tankou moun fou, cha lagè yo!

Kite moun pwisan yo mache devan:

Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a,

Lidyen ki manevre e koube banza a.

10Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo,

yon jou vanjans,

pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo.

Nepe a va devore vin satisfè,

Li va bwè kont li nan san yo;

paske va genyen yon sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo,

nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.

11Monte Galaad pou jwenn pomad gerizon an,

O fi vyèj Égypte la!

Anven nou te miltipliye remèd yo;

nanpwen gerizon pou nou.

12Nasyon yo te tande de bagay wont ou an,

e tè a plen ak kri detrès ou;

paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèrye,

e toulède tonbe atè ansanm.

13Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou frape peyi Égypte la:

14“Se pou nou deklare an Égypte

e pwoklame nan Migdol;

pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès;

Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe,

paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’

15Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène?

Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.

16Li fè anpil tonbe;

anverite, yo tonbe youn kont lòt.

Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote

pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou,

lwen nepe a sila k ap oprime a.’

17Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la,

pa plis ke yon gwo bri;

li te kite tan deziye a fin pase!’

18“Jan Mwen viv la,” deklare Wa a

ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo,

“Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo,

oswa tankou Carmel akote lanmè a;

se konsa lap vini.

19Prepare valiz ou pou egzil,

O fi k ap demere an Égypte,

paske Noph va devni yon dezolasyon;

li va brile menm,

pou l rete vid san moun ladann.

20“Égypte se yon gazèl byen bèl,

men yon gwo mouch ap vini soti nan nò.

Li fin rive.

21Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo

tankou jenn bèf yo byen angrese,

paske yo menm tou te fin vire nèt;

yo te sove ale ansanm.

Yo pa t kanpe,

paske jou malè pa yo fin rive sou yo;

lè pinisyon pa yo.

22Son li va soti kon yon sèpan;

paske tankou yon lame, yo vini,

yo rive kote li ak moun k ap pote rach.

23“Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a;

anverite, li p ap twouve ankò;

paske yo plis pase gwo lame krikèt volan.

Fòs kantite yo depase kontwòl.

24Fi Égypte la ap fè gwo wont;

lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”

25SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo. 26Mwen va livre yo a sila k ap chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.

27Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an,

pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël!

Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen,

e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo.

Jacob va retounen pou rete san twoub,

ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.

28O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a:

“paske, Mwen avèk ou.

Paske Mwen va fè fen a tout nasyon

kote Mwen te chase ou ale yo.

Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm;

men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt

e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O julgamento do Egito e a Batalha de Carquêmis

  • Jeremias data esta profecia no quarto ano do rei Jeoaquim de Judá, quando Nabucodonosor da Babilônia derrotou o faraó Neco do Egito em Carquêmis, junto ao rio Eufrates. Esse confronto decisivo marcou uma grande mudança de poder na região, encerrando o domínio egípcio sobre as terras vizinhas.Fontes: o próprio texto bíblico · Carchemish · Jehoiakim
  • O capítulo utiliza a cheia anual do rio Nilo como imagem do avanço militar orgulhoso do Egito sobre a terra. Também adverte importantes cidades egípcias como Mênfis (chamada Nofe em hebraico), a antiga capital do Baixo Egito, sobre a devastação e o exílio vindouros.Fontes: o próprio texto bíblico · Nile · Memphis
  • A profecia prediz uma invasão babilônica direta contra o Egito sob a liderança de Nabucodonosor. O julgamento anunciado dirigia-se não apenas ao faraó e suas forças, mas também a Amom, a principal divindade de Tebas, e aos outros deuses do Egito.Fontes: o próprio texto bíblico · Nebuchadnezzar

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 2, 13, 18, 26
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 8, 9, 11, 13, 14, 17, 18, 19, 20, 21, 22, 23, 24, 25, 26
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículos 2, 6, 10
  • Nile · Hoje: Nile River · 31.465, 30.367 · versículos 7, 8
  • Cush · Hoje: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 9
  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 11
  • Memphis · 29.849, 31.253 · versículos 14, 19
  • Tahpanhes · Hoje: Tell Defenneh · 30.861, 32.171 · versículo 14
  • Mount Carmel · 32.672, 35.023 · versículo 18
  • Mount Tabor · Hoje: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículo 18
  • Thebes · 25.721, 32.610 · versículo 25

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.