Jeremias 42
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Epi tout gran chèf lame yo, Jochanan, fis a Karéach la, Jezania, fis Hosée a, ak tout pèp la, ni piti, ni gran, te pwoche. 2Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an, 3pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”
4Jérémie, pwofèt la, te di yo: “Mwen te tande. Gade byen, mwen va priye a SENYÈ a, Bondye nou an, an akò ak tout pawòl nou yo, epi mwen va di nou tout mesaj avèk sila SENYÈ a va reponn nou yo. Mwen p ap kenbe dèyè menm yon mo pou nou.”
5Epi yo te di a Jérémie: “Ke SENYÈ a kapab yon vre fidèl temwen kont nou si nou pa aji selon tout mesaj ke SENYÈ a, Bondye ou a, va voye pou nou. 6Kit li dous, kit li pa dous, nou va koute vwa SENYÈ a sou sila nou ap voye ou a, pou sa kapab ale byen pou nou lè nou koute vwa SENYÈ a, Bondye nou an.”
7Alò, lè sèt jou fin ekoule, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie. 8Konsa, li te rele Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame ki te avè l yo ak tout pèp la, ni piti, ni gran. 9Epi li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, a Sila nou te voye mwen pou prezante sa nou t ap mande devan L lan: 10‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an. 11Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l. 12Anplis, Mwen va montre nou konpasyon, pou l ta genyen konpasyon anvè nou e restore nou sou pwòp tè pa nou.
13“‘Men si nou ap di: “Nou p ap rete nan peyi sa a,” pou nou pa ta koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, 14epi di: “Non, men nou va ale nan peyi Égypte, kote nou p ap tande afè lagè, ni son a twonpèt, ni grangou pou pen, e se la nou va rete;”’ 15alò, nan ka sa a, koute pawòl SENYÈ a, O retay a Juda yo. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Si nou, anverite, fikse vizaj nou pou antre an Égypte e pou antre nan rezidans lan, 16alò, nepe ke nou vrèman krent lan va rive pran nou nan peyi Égypte la, epi grangou ke nou krent anpil la, va swiv nou de prè an Égypte, e la nou va mouri. 17Konsa, tout mesye ki fikse panse yo pou rive la an Égypte, pou fè rezidans yo la, va mouri pa nepe, pa grangou, ak gwo epidemi. Yo p ap gen retay, ni ki chape sou gwo malè ke Mwen va fè vini sou yo a.’ 18Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’
19“SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa. 20Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.” 21Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo. 22Akoz sa, nou ta koulye a dwe konprann ke nou va mouri pa nepe, pa grangou e pa gwo epidemi, nan plas kote nou vle ale rezide a.

Você sabia?
Buscando Orientação para o Remanescente
- Após o assassinato do governador Gedalias, os líderes militares chefiados por Joanã, filho de Careá, e Jezanias, filho de Hosaías, aproximaram-se de Jeremias para pedir orientação divina sobre se o remanescente sobrevivente deveria permanecer na terra ou fugir.Fontes: o próprio texto bíblico · Johanan · Jezaniah
- O povo jurou solenemente obedecer a qualquer resposta que Jeremias recebesse, fosse ela agradável ou desagradável, invocando a Deus como testemunha fiel contra eles caso desobedecessem.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jeremias esperou dez dias antes de receber a mensagem divina, que prometia segurança e restauração se permanecessem em Judá sem temer o rei da Babilônia, mas advertia sobre morte por espada, fome e peste se buscassem refúgio no Egito.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 11
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 14, 15, 16, 17, 18, 19, 22
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 18
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org