Nations Bible

Jeremias 36

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: 2“Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a. 3Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.”

4Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo. 5Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a. 6Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo. 7Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”

8Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a. 9Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon jèn devan SENYÈ a. 10Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.

11Alò, lè Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la, 12Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo. 13Michée te deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la. 14Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.”

Konsa Baruc, fis a Nethania, te pran woulo a nan men l e te ale kote yo. 15Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.”

Konsa, Baruc te li li bay yo.

16Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.” 17Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?”

18Epi Baruc te di yo: “Li te dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.” 19Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”

20Pou sa, yo te ale kote wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a. 21Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a. 22Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l. 23Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a. 24Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo. 25Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo. 26Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.

27Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di: 28“Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a. 29Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’”’ 30‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit. 31Anplis, Mwen va pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’”

32Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O rolo queimado de Jeremias

  • Como Jeremias estava impedido de entrar no templo, ele ditou as profecias a Baruque, filho de Nerias, que as escreveu com tinta em um rolo e as leu publicamente durante um dia de jejum.Fontes: o próprio texto bíblico · Baruch
  • A sala onde Baruque leu o rolo pela primeira vez pertencia a Gemarias, filho de Safã, que havia sido o escriba real no reinado do rei Josias. Membros dessa influente família demonstraram temor diante das palavras e chegaram a suplicar ao rei Jeoaquim que não destruísse o manuscrito.Fontes: o próprio texto bíblico · Gemariah · Shaphan · Michaiah
  • O rei Jeoaquim ouviu a leitura enquanto se aquecia junto a um braseiro em seus aposentos de inverno, mas, a cada três ou quatro colunas lidas, cortava o rolo com um canivete de escriba e o lançava ao fogo.Fontes: o próprio texto bíblico · Baruch · Jehoiakim

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 9, 31
  • New Gate · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 29

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.