Nations Bible

Jeremias 33

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou nan prizon nan lakou gad la. Li te di: 2“Konsa pale SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li. 3‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’ 4Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont balkon tè syèj yo e kont nepe a, 5‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo, 6‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans. 7Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va rebati yo jan yo te ye o kòmansman an. 8Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo. 9Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”

10Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa w ap di a: ‘Sa se yon dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’ 11vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.

12Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete. 13Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.

14“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.

15“Nan jou sa yo e nan lè sa a,

Mwen va fè yon Branch ladwati a David pete vin parèt.

Li va egzekite lajistis ak ladwati sou tout latè.

16Nan jou sa yo, Juda va vin sove

e Jérusalem va ansekirite.

Men non pa sila li va rele a:

SENYÈ a se ladwati nou.”

17“Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la. 18Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”

19Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di: 20“Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo, 21alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. 22Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”

23Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: 24“Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. 25Konsa pale SENYÈ a: ‘Si akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm, 26alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Isaac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”

Você sabia?

Promessas de Restauração e o Renovo de Davi

  • Jeremias recebeu estas profecias de consolo enquanto ainda estava detido no pátio da guarda, numa época em que casas e palácios reais de Jerusalém estavam sendo demolidos para reforçar as defesas contra as rampas de cerco babilônicas.Fontes: o próprio texto bíblico · Jeremiah
  • O capítulo promete o surgimento de um Renovo justo da linhagem de Davi para governar com justiça, comparando a fidelidade da aliança com Davi e com os levitas à estabilidade inalterável do ciclo do dia e da noite.Fontes: o próprio texto bíblico · David
  • Apesar da devastação geral, a profecia anuncia o retorno da alegria e da vida pastoril, garantindo que rebanhos voltarão a pastar e a ser contados na região montanhosa, nas colinas, no árido Neguebe e na terra de Benjamim.Fontes: o próprio texto bíblico · Negeb · Benjamin (patriarch)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 5
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 10, 13, 16
  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 13
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 13

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.