Jeremias 24
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pawòl SENYÈ a te montre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone. 2Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.
3Konsa, SENYÈ a te di m: “Kisa ou wè, Jérémie?”
Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”
4Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5“Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo. 6Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo. 7Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”
8“Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo. 9Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo. 10Mwen va voye nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”

Você sabia?
Os Dois Cestos de Figos
- Jeremias recebeu esta visão depois que o rei Nabucodonosor da Babilônia deportou o rei Jeconias (também chamado de Joaquim), juntamente com as autoridades, artesãos e ferreiros de Jerusalém. Nabucodonosor estabeleceu então Zedequias como rei sobre a população restante em Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoiachin · Zedekiah · Nebuchadnezzar
- Na visão diante do templo, o cesto de figos excelentes e temporãos simboliza os exilados levados para a Babilônia. O Senhor promete preservá-los, dar-lhes um coração para conhecê-lo e trazê-los de volta à sua terra.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em contrapartida, o cesto de figos podres e intragáveis simboliza o rei Zedequias, os seus oficiais e o remanescente que permaneceu em Judá ou fugiu para o Egito. Em vez de encontrarem segurança, são advertidos de que enfrentariam desgraça, fome, peste e zombaria entre as nações.Fontes: o próprio texto bíblico · Zedekiah · Egypt
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 8
- Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 5
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 8
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org