Nations Bible

Jeremias 22

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a: 2Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo. 3Konsa pale SENYÈ a: “Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a. 4Paske si nou menm mesye yo va, anverite, fè bagay sa a, alò, wa yo va antre nan pòtay kay sa a, e va chita nan plas David sou twòn li an. Yo va monte sou cha yo ak sou cheval yo—yo menm, sèvitè yo ak pèp li a. 5Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”

6Paske konsa pale SENYÈ a konsènan kay wa a Juda a:

“Ou tankou Galaad pou Mwen,

tankou tèt mòn Liban an.

Malgre, anverite Mwen va fè nou kon yon dezè,

kon vil ki abandone.

7Paske Mwen va mete destriktè apa pou ou,

yo chak ak zam yo.

Epi yo va koupe mete atè bwa sèd

pi chwazi ou yo e jete yo nan dife.

8“Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’ 9Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’”

10Pa kriye pou mò yo.

Pa fè dèy pou li,

men kriye san rete pou sila ki sòti a;

paske li p ap janm retounen,

ni li p ap wè peyi l ankò.

11Paske se konsa SENYÈ a pale a Schallum, fis a Josias, wa Juda a, ki te vin wa nan plas Josias, papa li, ki te ale kite plas sa a: “Li p ap janm retounen la, 12men nan plas kote li te mennen an kaptivite a, se la li va mouri e li p ap wè peyi sila ankò.”

13“Malè a sila ki bati kay li san ladwati,

chanm anlè yo san jistis,

ki itilize sèvis vwazen li san peye

e ki pa bay li salè li,

14Ki di: “Mwen va bati pou mwen menm

yon kay ak anpil espas,

ak gwo chanm anlè.

Mwen va koupe fenèt li yo,

ba li panno bwa sèd

e pentire l an koulè wouj.’

15“Èske ou dwe wa akoz ou pi fò nan afè bwa sèd?

Èske papa ou pa t manje, bwè

e fè jistis ak sa ki dwat?

Epi sa te ale byen pou li.

16Li te plede koz a malere ak aflije yo,

epi sa te ale byen.

Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.

17“Men zye ou ak kè ou rete sèlman

sou richès ki ranmase nan zak malonèt,

nan vèse san inosan,

nan opresyon ak vyolans.”

18Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li.

Ni rele ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’

“Yo p ap fè gwo kri pou li.

Ni ‘Anmwey, mèt mwen!’

Ni ‘Anmwey, pou gran pwisans li!’

19Li va antere ak antèman bourik,

trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”

20“Ale monte kote Liban.

Kriye fò e leve vwa ou nan Basan.

Kriye anplis depi Abarim,

paske tout moun ki renmen ou yo vin kraze nèt.

21Mwen te pale ak ou nan pwosperite,

men ou te di: ‘Mwen p ap koute’!

Konsa abitid ou depi nan jenès ou,

ke ou te refize obeyi lavwa M.

22Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo,

ak moun ki renmen ou yo,

y ap wale an kaptivite.

Konsa, ou va anverite wont e imilye

akoz tout mechanste ou yo.

23Nou menm k ap viv Liban,

ki fè nich ak bwa sèd yo,

nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou;

doulè tankou yon fanm k ap akouche a!

24“Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou. 25Epi mwen ta lese ou tonbe nan men a sila k ap chache lavi ou yo; wi, nan men a sila ke ou krent anpil yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa a Babylone nan, e nan men a Kaldeyen yo. 26Mwen va jete ou ak manman ou ki te fè ou a jis nan yon lòt peyi kote ou pa t fèt, e la ou va mouri. 27Men pou peyi kote yo ta vle retounen an, yo p ap retounen la.”

28Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt?

Oswa èske li se yon veso lèd, san valè?

Poukisa li menm ak desandan li yo te jete deyò konsa

e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?

29O latè, latè, latè,

tande pawòl SENYÈ a!

30Konsa pale SENYÈ a:

“Mete nonm sa a nan lis kon ‘san pitit’,

yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo.

Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi,

ni k ap chita sou twòn David la,

ni gouvène ankò nan Juda.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Julgamentos sobre os reis de Judá

  • Salum, também chamado de Jeoacaz, foi escolhido pelo povo para suceder seu pai Josias, mas acabou deposto e levado cativo para o Egito pelo faraó Neco após reinar poucos meses, tornando-se o primeiro rei de Judá a morrer no exílio.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoahaz · Jehoiakim
  • O profeta contrasta fortemente o rei Josias com seu filho Jeoaquim. Enquanto Josias defendeu a justiça e a causa dos pobres, Jeoaquim explorou o trabalho forçado sem remuneração para construir um palácio suntuoso revestido de cedro e pintado de vermelhão.Fontes: o próprio texto bíblico · Josiah · Jehoiakim
  • Conias, outro nome do rei Joaquim ou Jeconias, foi levado cativo para a Babilônia pelo rei Nabucodonosor, cumprindo o anúncio de Jeremias de que morreria em terra estrangeira e que nenhum dos seus descendentes reinaria no trono de Davi em Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoiachin · Nebuchadnezzar

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 19, 20
  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 6
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 6, 20, 23
  • Abarim · 31.754, 35.715 · versículo 20
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 20
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 25
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 25

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.