Jeremias 15
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt! 2Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale:
“Sila ki pou mouri yo, a lanmò;
ak sila ki pou nepe yo, a nepe;
sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a;
e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.”’
3“Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo. 4Mwen va fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”
5“Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem?
Oswa kilès k ap fè gwo kri pou ou?
Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?
6Ou menm ki abandonen Mwen an,” deklare SENYÈ a,
“Ou kontinye ap fè bak.
Pou sa, Mwen te lonje men M kont ou
e Mwen te pou detwi ou.
Mwen bouke demontre ou konpasyon!
7Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a.
Mwen te prive yo de pitit yo.
Mwen te detwi pèp Mwen an.
Yo pa t vire kite chemen yo.
8Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen.
Mwen te fè parèt kont yo;
kont manman a yon jennonm,
yon destriktè a midi.
Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.
9Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren;
li te rale denyè souf.
Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen;
li te soufri wont e li te menm imilye.
Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo
devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.
10Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen,
yon nonm ki fè twoub leve,
yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a!
Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen;
malgre sa, yo tout ban m madichon.
11SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon.
Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou
nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.
12Èske yon moun ka kraze fè;
fè ki sòti nan nò, oswa bwonz?
13Mwen va bay gwo richès ou ak trezò ou yo,
kon piyaj ki san frè;
sa a, konsa, pou tout peche ou yo,
menm anndan tout lizyè ou yo.
14Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon
peyi ke ou pa konnen;
paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen
ki va brile sou ou.”
15Ou menm ki konnen, O SENYÈ,
sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo.
Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt;
rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
16Pawòl Ou yo te vin twouve;
mwen te manje yo.
Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa
ki fè kè m rejwi;
paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
17Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch,
ni mwen pa t vante tèt mwen wo.
Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen,
paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.
18Poukisa, doulè mwen an rete tout tan,
eblese mwen an rete san gerizon?
Èske Ou menm, anverite,
va devni pou mwen kon yon sous twonpe,
ak dlo sou sila yo pa ka depann?
19Konsa, pale SENYÈ a:
“Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò
pou ou kanpe devan M.
Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè,
ou va vin tankou bouch Mwen.
Yo va retounen kote ou;
men ou menm, ou p ap retounen kote yo menm.
20Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz.
Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou;
paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou
e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
21“Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo
e Mwen va rachte ou soti nan men a vyolan yo.”

Você sabia?
Rejeição, lamento e promessa divina
- Deus evoca Moisés e Samuel como os principais intercessores da história de Israel, declarando que nem mesmo a presença deles afastaria o julgamento decretado contra o povo.Fontes: o próprio texto bíblico · Moses · Samuel
- A desolação iminente e a dispersão dos habitantes de Jerusalém são atribuídas diretamente aos atos cometidos pelo rei Manassés, filho de Ezequias, durante o seu governo em Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Manasseh (son of Hezekiah) · Hezekiah · Jerusalem
- Jeremias lamenta seu doloroso isolamento e a hostilidade enfrentada por proclamar a mensagem de Deus, recebendo a promessa de que se tornaria como uma muralha de bronze fortificada diante de seus opositores.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org