Jeremias 13
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.”
2Konsa mwen te achte senti a selon pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen.
3Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di: 4“Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.”
5Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.
6Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: “Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a.”
7Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè.
8Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 9“Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan. 10Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt. 11Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’
12“Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.”’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’ 13Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze vin sou nèt la! 14Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”
15Koute e prete atansyon ak sa.
Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.
16Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa,
avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo;
pou pandan nou ap tann limyè,
Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a
pou l rive nan tenèb ki san espwa.
17Men si ou pa koute sa a,
nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a.
Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo,
akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
18Di a wa a ak manman rèn nan:
“Pran yon chèz ki ba,
paske bèl kouwòn ou an,
kouwòn de glwa a menm,
fin tonbe kite tèt ou.”
19Vil negev yo te fèmen ak kle,
e nanpwen moun ki pou louvri yo.
Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.
20Leve zye ou pou wè, men sila k ap vini soti nan nò yo.
Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo?
21Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou—
konsi, se nou menm ki te enstwi yo—
ansyen zanmi nou yo vin chèf sou nou?
Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?
22“Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?”
Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire
e talon ou yo te vin ekspoze.
23Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li,
oswa leyopa a takte li yo?
Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal,
ta ka chanje 1 pou vin fè byen.
24Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.
25“Sa se tiraj osò pa nou,
pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a,
“akoz nou te bliye Mwen
e te mete konfyans nan sa ki fo.
26Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou,
pou wont ou kapab vin vizib.
27Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo
e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo,
sou kolin ak nan chan yo.
Malè a ou menm, O Jérusalem!
Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?”
Pou konbyen de tan sa va dire?

Você sabia?
O cinto de linho apodrecido e a ameaça do exílio
- Jeremias recebe a ordem de esconder um cinto de linho novo em uma fenda de rocha em Perate, o nome hebraico do rio Eufrates. Ao ser resgatado muitos dias depois, o tecido apodrecido e inútil serviu como símbolo dramático de como Deus arruinaria o orgulho de Judá e de Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Euphrates
- A profecia adverte que o desastre alcançaria até as cidades do Neguebe, a região árida que formava a fronteira sul de Judá na rota para o Egito. O fechamento dessas cidades do sul indicava que as rotas de fuga estavam cortadas e que o exílio total se aproximava.Fontes: o próprio texto bíblico · Negeb
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículos 4, 5, 6, 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 9, 13, 20, 27
- Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 19
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org