Nations Bible

Juízes 21

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, mesye Israël yo te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.” 2Konsa, pèp la te vini Béthel e yo te chita la devan Bondye jis rive nan aswè, epi yo te leve vwa yo e te kriye amè. 3Yo te di: “Poukisa, O SENYÈ, Bondye Israël la, èske bagay sa a vin rive an Israël pou youn nan tribi yo jodi a ta vin disparèt an Israël?” 4Li te vin rive nan pwochen jou an ke pèp la te leve bonè. Yo te bati yon lotèl e yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè. 5Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.” 6Fis Israël yo te tris; yo te plen regrè pou Benjamin, frè parèy yo a, e yo te di: “Yon tribi vin koupe nèt sou Israël jodi a. 7Kisa nou ap fè pou twouve madanm pou sila ki rete yo, akoz nou te sèmante pa SENYÈ a pou nou pa bay okenn nan fi pa nou yo nan maryaj?” 8Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a. 9Paske, lè pèp la te konte, gade byen, pèsòn nan sila ki rete Jabès-Galaad yo pa t la. 10Konsa, kongregasyon an te voye douz-mil gèrye vanyan rive la e yo te pase lòd di yo konsa: “Ale frape sila ki rete Jabès-Galaad yo avèk lam nepe, ni fanm yo ak pitit yo. 11Men kisa ou va fè, ou va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.” 12Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo. 13Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo. 14Nan lè sa a, Benjamin te retounen e yo te bay yo kat-san fi ke yo te kenbe vivan soti Jabès-Galaad. Men, li poko te kont pou yo. 15Konsa, pèp la te tris e te plen regrè pou fis Benjamin yo paske SENYÈ a te fè yon brèch nan tribi Israël yo. 16Epi ansyen nan kongregasyon yo te vin di: “Kisa nou va fè pou sila ki rete toujou, kòmsi fanm nan Benjamin yo detwi?” 17Yo te di: “Fòk gen eritaj pou retay Benjamin an, jis pou tribi a pa efase nèt sou Israël. 18Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: “Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.” 19Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.” 20Pou sa a, yo te kòmande fis Benjamin yo konsa: “Ale kache tann nan chan rezen yo, 21epi gade byen, veye, si fi a Silo yo sòti deyò pou patisipe nan dans lan, nou va sòti nan chan rezen yo, e nou chak va kouri kenbe madanm li pami fi a Silo yo e ale avè l nan peyi Benjamin? 22Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’” 23Konsa fis a Benjamin yo te fè e te pran madanm selon fòs kantite yo pami sila ki te danse yo, pou yo te pote ale. Konsa, yo te ale retounen nan eritaj pa yo, e te rebati vil pa yo pou te viv ladan yo. 24Fis Israël yo te pati la nan lè sa a, chak òm ak pwòp tribi ak fanmi li, e yo chak te sòti la pou rive nan pwòp eritaj pa yo. 25Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A preservação da tribo de Benjamim

  • A assembleia de Israel havia se reunido em Mispá, um ponto elevado em Benjamim usado para reuniões nacionais, onde juraram não dar suas filhas aos benjamitas nem poupar quem faltasse ao encontro. Diante da quase extinção de Benjamim — reduzida a apenas seiscentos homens na rocha de Rimom —, os líderes buscaram soluções extremas para preservar a tribo sem quebrar formalmente o juramento.Fontes: o próprio texto bíblico · Mizpah · Rimmon
  • Para conseguir esposas para os sobreviventes benjamitas, Israel atacou Jabes-Gileade, a leste do Jordão, por não ter comparecido à assembleia, e poupou quatrocentas jovens. Como ainda faltavam mulheres, os anciãos permitiram que os demais benjamitas emboscassem e levassem jovens que dançavam na festa anual ao Senhor em Siló, ao norte de Betel.Fontes: o próprio texto bíblico · Jabesh-gilead · Shiloh · Bethel (of Palestine)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 12
  • Shiloh · Hoje: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículos 12, 19, 21
  • Shechem · Hoje: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · versículo 19

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.