Nations Bible

Juízes 14

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Samson te desann Thimna. La li te wè yon fanm Thimna; youn nan fi Filisten yo. 2Konsa, li te retounen pou te di papa l avèk manman l: “Mwen te wè yon fanm Thimna, youn nan fi Filisten yo. Alò pou sa, al chache li pou mwen kòm madanm.”

3Papa l avèk manman l te di li: “Èske pa gen okenn fanm pami fi a fanmi ou yo, oswa pami tout pèp nou an, pou ou alepran yon madanm pami Filisten ensikonsi sa yo?”

Samson te di a papa l: “Ale pran li pou mwen; paske selon mwen menm, li byen bèl.”

4Alò, papa li avèk manman li pa t konnen ke sa se te yon bagay a SENYÈ a; paske Li t ap chache yon okazyon kont Filisten yo. Alò, nan tan sa a, Filisten yo t ap domine sou Israël.

5Epi Samson te desann Thimna avèk papa l avèk manman l e yo te avanse rive jis nan chan rezen a Thimna yo; epi vwala, yon jenn lyon tou ap gwonde te vin lonje sou li. 6Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a. 7Konsa, li te desann pale avèk fanm nan, epi li te fè kè l kontan. 8Lè l te retounen pita pou pran l, li te vire akote pou gade kadav lyon an. Epi vwala, yon desen myèl te nan kò lyon an. 9Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an. 10Alò, papa li te desann vè fanm nan; epi Samson te fè yon fèt la, paske jennonm yo te konn fè sa kòm koutim pa yo. 11Lè yo te wè li, yo te mennen trant zanmi parèy a yo pou yo ta kab la avèk li.

12Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman. 13Men si nou pa kab reponn mwen, alò, nou va ban mwen trant echanj vètman.”

Yo te di li: “Bannou kont lan pou nou kab koute li.”

14Konsa, li te di yo:

“Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje.

Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.”

Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan. 15Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: “Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?”

16Madanm a Samson te kriye devan li e te di: “Se sèlman ke ou rayi mwen e ou pa renmen m. Ou te prezante yon kont a fis pèp mwen yo e ou pa t pale m de sa.”

Li te di li: “Gade byen, mwen pa t pale l ni a manman m, ni a papa m. Èske se a ou menm pou m ta pale li?”

17Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo. 18Konsa, mesye lavil yo te di a li nan setyèm jou a avan solèy la te kouche: “Se kisa ki pi dous ke siwo myèl? Epi kisa ki pi fò pase yon lyon?”

Li te reponn yo:

“Si nou pa t raboure avèk gazèl bèf mwen,

nou pa t ap dekouvri kont mwen an.”

19Lespri SENYÈ a te vini sou li byen fò, e li te desann Askalon pou te touye trant nan Filisten yo. Li te pran piyaj pa yo e te bay echanj rad yo a sila ki te reponn kont lan. Epi kòlè li te monte, e li te monte vè lakay papa l. 20Men madanm a Samson an te vin bay a yon konpanyen li ki te bon zanmi li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O casamento e o enigma de Sansão em Timna

  • O desejo de Sansão de se casar com uma mulher de Timna, cidade situada a cerca de 32 quilômetros a oeste de Jerusalém, alarmou seus pais. Embora Israel vivesse sob o domínio filisteu, o casamento com filisteus não estava estritamente entre as uniões proibidas pela lei mosaica em relação às sete nações cananeias.Fontes: Samson · Timnah · o próprio texto bíblico
  • Para pagar as trinta mudas de roupa prometidas em seu enigma de casamento, Sansão desceu até Ascalom, uma das cinco principais cidades filisteias localizada na costa do Mediterrâneo, a cerca de 19 quilômetros ao norte de Gaza.Fontes: Ashkelon · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Ashkelon · Hoje: Tel Ashkelon · 31.664, 34.546 · versículo 19

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.