Juízes 12
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te di a Jephthé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.” 2Jephthé te di yo: “Mwen avèk pèp mwen an t ap fè gwo kont avèk fis Ammon yo; epi lè mwen te rele nou, nou pa t delivre mwen nan men yo. 3Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?”
4Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.” 5Galaadit yo te kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”, 6alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.
7Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo.
8Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li. 9Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo. 10Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem.
11Alò, Élon, Zabilonit lan te jije Israël apre li. Li te jije Israël pandan dis ane. 12Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon.
13Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li. 14Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane. 15Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo.

Você sabia?
Conflito Tribal e Sucessão de Juízes
- O tenso confronto entre a tribo de Efraim e os gileaditas levou à tomada das passagens do rio Jordão. Como o dialeto efraimita não pronunciava o som de 'ch', os soldados identificavam os fugitivos pedindo que pronunciassem 'Chibolete', executando aqueles que diziam 'Sibolete'.Fontes: o próprio texto bíblico · Gilead · Jordan
- Após a liderança de seis anos de Jefté, três juízes sucessivos governaram Israel: Ibsã de Belém por sete anos, Elom de Zebulom por dez anos e Abdom de Piratom por oito anos.Fontes: o próprio texto bíblico · Ibzan · Elon · Abdon
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 1, 2, 3
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 1, 5, 6
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 4, 5, 7
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org