Tiago 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
4Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
5Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
6Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
7Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
11Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
13Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.

Você sabia?
Paixões, o mundo e a humildade
- O capítulo pergunta o que causa conflitos e brigas entre aqueles a quem se dirige e responde que vêm das paixões em guerra dentro deles. Diz que desejam o que não têm, matam e cobiçam, mas não conseguem obtê-lo, e brigam e lutam; não têm porque não pedem e, quando pedem, não recebem, porque pedem com motivos errados, para esbanjar isso nos próprios prazeres.Fontes: o próprio texto bíblico
- Chama-os de adúlteras e diz que a amizade com o mundo é hostilidade para com Deus, de modo que quem escolhe ser amigo do mundo torna a si mesmo inimigo de Deus. Cita as palavras de que Deus se opõe aos soberbos, mas dá graça aos humildes, e então manda que se submetam a Deus, resistam ao diabo para que ele fuja, aproximem-se de Deus para que ele se aproxime, limpem as mãos e purifiquem o coração.Fontes: o próprio texto bíblico
- Aos que dizem que irão a esta ou àquela cidade, passarão um ano ali, farão negócios e terão lucro, diz-se que nem sequer sabem o que acontecerá amanhã e que são uma névoa que aparece por um pouco e depois desaparece. Em vez disso, deveriam dizer: "Se o Senhor quiser, viveremos e faremos isto ou aquilo"; a jactância desses planos orgulhosos é chamada de mal, e quem sabe o que é certo fazer e não o faz é culpado de pecado.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org