Nations Bible

Isaías 63

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Se kilès sa ki sòti Edom an,

avèk vètman Botsra byen kolore a?

Kilès sila a, ak abiman majeste Li,

k ap mache nan grandè ak fòs li a?

“Se Mwen menm ki pale nan ladwati,

ki pwisan pou delivre a.”

2Poukisa abiman Ou wouj

e vètman Ou tankou sila

k ap mache nan kivèt diven an?

3“Mwen te foule nan kivèt diven an sèl,

Pami pèp yo, pa t gen moun avè M.

Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen,

e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an.

Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen

e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.

4Paske jou vanjans lan te nan kè M;

e ane racha a M yo rive.

5Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede;

Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen.

Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen

e kòlè Mwen te fè M kanpe.

6Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;

Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen.

Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”

7Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a,

ak lwanj SENYÈ a.

Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,

ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,

selon labondans konpasyon li,

epi selon gran mizerikòd Li.

8Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen,

fis ki p ap aji nan manti.”

Pou sa, Li te devni Sovè yo.

9Nan tout afliksyon yo, Li te aflije

e zanj a prezans Li an te sove yo.

Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,

Li te rachte yo.

Li te leve yo, e te pote yo

pandan tout ansyen jou yo.

10Men yo te fè rebèl

e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris.

Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo;

Li te goumen kont yo pou kont Li.

11Men konsa, Li te vin sonje ansyen jou yo

ak Moïse e pèp Li.

Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè

ak bèje a bann mouton Li yo?

Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”

12Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la?

Ki te divize dlo yo devan yo

pou fè pou pwòp tèt Li

yon non ki ta dire pou tout tan?

13Ki te mennen yo atravè fon yo

tankou cheval nan dezè a,

pou yo pa chape tonbe?

14Tankou bèt ki te desann nan vale yo,

Lespri SENYÈ a te bay yo repo.

Konsa, Ou te mennen pèp Ou a

pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.

15Gade anba depi nan syèl la

e wè soti nan abitasyon sen Ou

ki plen ak glwa Ou.

Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?

Santiman a kè ou ak konpasyon Ou

te vin anpeche de mwen.

16Paske Ou se Papa nou,

malgre Abraham pa rekonèt nou,

ni Israël pa rekonèt nou.

Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.

17Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo?

E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou?

Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.

18Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan;

advèsè nou yo te foule li ba nèt.

19Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo,

tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Juízo sobre Edom e uma Oração de Lembrança

  • O capítulo começa com a visão marcante de um conquistador que vem de Bozra, uma antiga capital da região montanhosa de Edom. As imagens remetem ao nome Edom, que significa vermelho, descrevendo a figura com vestes escarlates manchadas como as de alguém que pisa uvas em um lagar.Fontes: Bozrah · Edom · Esau (Edom) · o próprio texto bíblico
  • A seção intermediária do capítulo reflete sobre a história de Israel, recordando explicitamente os dias de Moisés, quando Deus dividiu as águas do mar e conduziu o povo pelas profundezas por meio do Seu Espírito Santo.Fontes: Moses · o próprio texto bíblico
  • Em sua súplica sincera, o povo se dirige a Deus como seu Pai e Redentor, declarando que, mesmo se patriarcas como Abraão e Israel não os reconhecessem, Deus continuaria sendo o seu verdadeiro protetor.Fontes: Abraham · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Edom · 30.746, 35.604 · versículo 1
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 11

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.