Isaías 58
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Kriye fò, ni pa rete!
Leve vwa ou tankou yon twonpèt!
Deklare a pèp Mwen transgresyon yo,
e a lakay Jacob la, peche yo.
2Malgre yo chache Mwen de jou an jou
e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo,
konsi se yon nasyon ki fè ladwati,
e ki pa t abandone règleman a Bondye yo.
Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis.
Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.
3‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè?
Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’
“Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo
e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.
4Gade byen, nou fè jèn pou konfli ak kont;
pou nou frape ak ponyèt mechan an.
Kalite jèn nou fè la jodi a p ap fè vwa ou tande anwo a.
5Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan?
Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm?
Pou bese tèt li kon wozo,
e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l?
Èske se yon jèn ke ou rele sa;
menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
6“Se pa jèn sila a ke M pito;
pou lache lyann mechanste yo,
pou demare kòd jouk la,
pou lese oprime yo pran libète
e kase tout jouk yo?
7Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,
e mennen endijan yo antre nan kay?
Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l;
epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
8Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,
e gerizon ou va vòltije vit devan ou.
Ladwati ou va ale devan ou,
e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
9Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.
Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.
“Si ou retire jouk la nan mitan nou,
sispann pwente dwat sou lòt
e sispann pale mechanste;
10si ou vide nanm ou a sila ki grangou,
e satisfè dezi a aflije a;
nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,
e tristès ou va klere kon gran lajounen.
11Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,
satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,
e bay fòs a zo ou yo.
Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze
e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
12Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo.
Ou va fè releve ansyen fondasyon yo.
Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la,
Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
13“Si, nan Saba a, ou vire pye ou,
pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an,
e rele Saba a yon gwo plezi,
epi jou sen a SENYÈ a onorab,
e bay li onè,
olye chache chemen pa ou,
olye pwòp plezi pa ou,
ak pale pwòp pawòl pa w,
14konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a,
e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo.
Mwen va bay ou manje,
e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a,
paske bouch SENYÈ a pale sa a.”
Você sabia?
O verdadeiro jejum e o sábado
- Neste capítulo, o profeta contrasta rituais religiosos exteriores com a verdadeira justiça social. O povo jejuava, inclinava a cabeça e usava panos de saco enquanto explorava seus trabalhadores e brigava entre si, ao passo que Deus desejava um jejum marcado pela partilha do pão com os famintos, acolhimento aos sem-teto e libertação dos oprimidos.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo conclui com um apelo para honrar o sábado como santo e deleitoso, em vez de buscar interesses próprios e trabalhos cotidianos. Guardar o dia com a devida reverência é associado à promessa de restauração, reconstrução de ruínas antigas e posse da herança de Jacó.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel)
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org