Isaías 36
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias la, Sanchérib, wa Assyrie a, te monte kont tout vil ranfòse Juda yo e te sezi yo. 2Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a. 3Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay wa a, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, grefye achiv la, te sòti vin kote l.
4Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an? 5Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an? 6Gade byen, ou depann de baton a wozo kraze sila a. Égypte menm. Men si yon nonm apiye kote li, baton li an ap antre nan men l e frennen l nèt. Se konsa Farawon, wa Égypte la ye pou tout sila ki depann de li yo. 7Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’? 8Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo. 9Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou depann de Égypte pou cha ak chevalye? 10Èske konsa, mwen te monte san pèmisyon SENYÈ a, kont peyi sa a pou detwi l? SENYÈ a te di mwen: “Ale monte kont peyi sa a pou detwi l.”’”
11Epi Éliakim, Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Alò, pale ak sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale ak nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou miray yo.”
12Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?” 13Konsa Rabschaké te kanpe e te kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a. 14Konsa pale wa a: ‘Pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, paske li p ap ka delivre nou! 15Ni pa kite Ézéchias fè nou mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’ 16Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè dlo nan pwòp sitèn pa li, 17jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen. 18Veye pou Ézéchias pa egare nou e di nou: “SENYÈ a va delivre nou”. Èske youn nan dye a nasyon yo te delivre tè li a anba men a wa Assyrie la? 19Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te delivre Samarie nan men m?” 20Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”
21Men yo te pe la e pa t di l yon mo, paske lòd a wa a se te: “Pa reponn li”.
22Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo.

Você sabia?
A ameaça de Senaqueribe contra Jerusalém
- O termo Rabsaqué não era um nome próprio, mas um título de alto escalão atribuído ao copeiro-chefe ou vizir da corte assíria. Senaqueribe enviou esse oficial de Laquis para Jerusalém com um grande exército para exigir a rendição do rei Ezequias.Fontes: Rabshakeh · Lachish · o próprio texto bíblico
- Os oficiais de Ezequias pediram que o enviado assírio falasse em aramaico, uma língua diplomática incompreensível para o povo comum. Rabsaqué recusou e gritou deliberadamente em hebraico para que os guardas e civis posicionados sobre a muralha ouvissem suas ameaças diretamente.Fontes: Rabshakeh · o próprio texto bíblico
- A delegação judaica enviada ao encontro do emissário assírio incluía Eliaquim, o administrador do palácio, Sebna, o escrivão, e Joá, o cronista. Depois de ouvirem o discurso que desafiava seu Deus e seu rei, eles retornaram a Ezequias em luto, com as vestes rasgadas.Fontes: Eliakim · Shebna · Joah · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 1, 2, 4, 8, 13, 15, 16, 18
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 7, 20
- Lachish · Hoje: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · versículo 2
- Upper Pool · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 6, 9
- Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 19
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 19
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org