Isaías 34
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Rapwoche, O nasyon yo pou tande!
Koute, o pèp yo!
Kite latè ak tout sa ki ladann tande,
e lemonn ak tout sa ki ladann.
2Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo
e jijman Li brile kont tout lame yo.
Li te detwi yo nèt.
Li te donnen yo a yon gwo masak.
3Konsa, mò yo va jete deyò.
Kadav yo va fè movèz odè,
e mòn yo va tranpe ak san yo.
4Tout lame syèl la va vin efase.
Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;
e tout lame li yo va vin fennen nèt,
tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,
oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
5Paske nepe Mwen bwè ase nan syèl la.
Gade byen, li va desann pou jije Édom
ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
6Nepe SENYÈ a plen ak san.
Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton,
ak bouk yo, ak grès a ren belye.
Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra,
ak yon gwo masak nan peyi Édom.
7Anplis, bèf mawon va desann ak yo,
ak jenn towo, ak towo pwisan yo.
Konsa, peyi yo va tranpe ak san,
e pousyè yo va vin gra ak grès.
8Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans,
yon ane vanjans pou koz a Sion an.
9Sous dlo li yo va devni goudwon
e tè pousyè li kon souf.
Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
10Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit.
Lafimen li va monte jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole.
Okenn moun p ap pase ladann
pou tout tan e pou tout tan.
11Men grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li
e ibou ak kònèy a va demere ladann.
Li va tann sou li lign latwoublay,
ak fil a plon vid la.
12Yo va rele prens li yo a wayòm nan,
menp ap gen k ap parèt.
Tout prens li yo p ap anyen.
13Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo,
chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo.
L ap devni yon kote frekante pa chen mawon.
Li va fè kay tribinal pou otrich la.
14Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo;
kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.
Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;
l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
15La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze;
li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li.
Menm bèt malfini yo va rankontre la,
yo chak ak pwòp parèy yo.
16Chache nan liv SENYÈ a, epi li:
Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;
okenn p ap manke parèy yo.
Paske bouch Mwen te pase lòd,
e Lespri Li te ranmase yo.
17Li te tire osò pou yo,
e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a.
Yo va posede kote a jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.

Você sabia?
Julgamento sobre as Nações e Edom
- Bozra era uma cidade de destaque associada aos primeiros reis edomitas, identificada com a moderna el-Busseireh, localizada na região montanhosa de Petra, a cerca de 32 quilômetros a sudeste do mar Morto. Em Isaías 34, ela é mencionada como o local simbólico de um grande sacrifício divino que representa o julgamento sobre Edom.Fontes: Bozrah · o próprio texto bíblico
- O julgamento anunciado sobre Edom é apresentado como um tempo de vingança e retribuição em favor de Sião, a colina ao sudeste de Jerusalém fortificada por Davi como a Cidade de Davi.Fontes: Zion · o próprio texto bíblico
- O ministério profético de Isaías é tradicionalmente situado ao longo de várias décadas no século VIII a.C., dirigindo-se tanto a Judá quanto às nações vizinhas.Fontes: Prophecies of Isaiah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Edom · 30.746, 35.604 · versículos 5, 6, 8, 9, 10, 11
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 8
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org