Isaías 25
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite. 2Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati. 3Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj . 4Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. 5Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.
6SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
9Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!” 10Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a.
Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye. 11L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo. 12L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.
Você sabia?
Louvor pelo Livramento e o Banquete no Monte
- Isaías 25 retrata uma celebração universal no monte de Deus, com vinhos envelhecidos e carnes nobres, acompanhada pela remoção do luto, o enxugar de todas as lágrimas e a destruição definitiva da morte.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo contrasta esse monte de salvação com a humilhação de Moabe, um território vizinho localizado a leste do rio Jordão e do mar Morto. Na tradição bíblica, o nome refere-se tanto à região geográfica quanto ao povo que nela habitava.Fontes: o próprio texto bíblico · Moab · Moab
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 10
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 10, 11, 12
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org