Nations Bible

Isaías 19

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Pwofesi konsènan Égypte la.

“Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo. 2Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm. 3Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. 4Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.

5Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo. 6Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri. 7Gwo wozo a bò Rivyè Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò. 8Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt. 9Anplis, sila k ap pwodwi twal len ki fèt ak len swa ak bòs twal blan yo va tris nèt. 10Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo.

11Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”? 12Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te planifye pou fè kont Égypte. 13Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare. 14SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li. 15P ap gen travay pou Égypte; ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè. 16Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo. 17Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo. 18Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.

19Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a. 20Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon sovè, yon defansè e Li va delivre yo. 21Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li. 22SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.

23Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va adore ansanm.

24Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan. 25Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A profecia a respeito do Egito

  • Zoã (conhecida pelos gregos como Tânis), no delta do Nilo, e Mênfis (chamada Nofe em hebraico) foram capitais administrativas e centros de liderança no antigo Egito. Isaías destaca os conselheiros dessas cidades reais para enfatizar o colapso da sabedoria egípcia.Fontes: Zoan · Memphis · o próprio texto bíblico
  • O julgamento econômico descrito no capítulo atinge diretamente o Nilo, o rio essencial para a sobrevivência do Egito. A seca de suas águas e canais ameaçava a agricultura, a pesca e ofícios vitais como o cultivo do linho e a tecelagem de tecidos finos.Fontes: Nile · o próprio texto bíblico
  • O oráculo termina prevendo uma estrada que ligaria os grandes rivais imperiais, Egito e Assíria, ao lado de Israel. Em vez de guerra perpétua, esses antigos impérios são descritos prestando adoração juntos e compartilhando a bênção divina.Fontes: Assyria · Egypt · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 1, 2, 3, 4, 6, 10, 11, 12, 13, 14, 15, 16, 17, 18, 19, 20, 21, 22, 23, 24, 25
  • Nile · Hoje: Nile River · 31.465, 30.367 · versículos 5, 6, 7, 8
  • Zoan · Hoje: Tanis · 30.977, 31.880 · versículos 11, 13
  • Memphis · 29.849, 31.253 · versículo 13
  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 18
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 23, 24, 25

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.