Hebreus 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.
2Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?
Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. 4Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.
5Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou monn k ap vini an, sou sa n ap pale a, 6men youn te temwaye yon kote, pou di:
“Kisa lòm ye, pou ou sonje li?
Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?
7Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi
piti pase zanj yo.
Ou kouwone li avèk glwa ak lonè.
Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;
8e Ou mete tout bagay anba pye li.”
Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.
9Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
10Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
11Paske Sila ki fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè. 12Li di:
“Mwen va pwokame non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.
13Epi ankò:
“Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.”
E ankò:
“Gade, Mwen menm avèk pitit
ke Bondye te ban Mwen yo.”
14Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
16Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
17Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. 18Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.

Você sabia?
Compartilhando a humanidade, coroado pelo sofrimento
- Hebreus 2 lembra que a mensagem falada por anjos era obrigatória e que toda transgressão e desobediência recebeu o seu justo castigo, e então pergunta como poderá escapar quem negligenciar tão grande salvação. Essa salvação foi anunciada primeiro pelo Senhor, confirmada a nós por aqueles que o ouviram e atestada por Deus por meio de sinais, prodígios, vários milagres e dons do Espírito Santo distribuídos segundo a sua vontade.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo cita um testemunho de que o homem foi feito um pouco menor que os anjos, coroado de glória e honra, com tudo colocado debaixo dos seus pés. Quando Deus lhe sujeitou todas as coisas, nada deixou fora do seu controle; contudo, no presente não vemos tudo sujeito a ele. Jesus, feito um pouco menor que os anjos, agora é coroado de glória e honra porque sofreu a morte, para que, pela graça de Deus, provasse a morte por todos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Hebreus 2 diz que Jesus não socorre anjos, mas os descendentes de Abraão, e que precisou ser feito semelhante aos irmãos em tudo, para se tornar um sumo sacerdote misericordioso e fiel a serviço de Deus, a fim de fazer expiação pelos pecados do povo. Abraão, filho de Terá, é chamado pai de uma multidão e descrito como o herdeiro das promessas.Fontes: o próprio texto bíblico · Abraham
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org