Gálatas 6
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
6Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
7Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
11Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou avèk pwòp men mwen. 12Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. 13Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan. 15Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.
17Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.
18Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.

Você sabia?
Fardos, a colheita e a cruz
- O capítulo coloca dois deveres lado a lado. Os que são espirituais devem restaurar com mansidão quem for surpreendido numa transgressão e carregar os fardos uns dos outros, o que a carta chama de cumprir a lei de Cristo. Cada um, porém, deve examinar o próprio trabalho e carregar a sua própria carga, em vez de se julgar alguma coisa quando não é nada e se gloriar por comparação com outra pessoa.Fontes: o próprio texto bíblico
- O autor usa a imagem da semeadura e da colheita: Deus não se deixa zombar, e cada um colhe o que semeia. Quem semeia para agradar a carne, da carne colhe destruição; quem semeia para agradar o Espírito, do Espírito colhe a vida eterna. Os leitores são exortados a não se cansar de fazer o bem, pois no tempo devido colherão, se não desistirem, e a fazer o bem a todos, especialmente à família da fé.Fontes: o próprio texto bíblico
- O autor chama a atenção para as letras grandes que está usando ao escrever de próprio punho. Diz que alguns tentam impor a circuncisão para causar boa impressão exterior, evitar a perseguição por causa da cruz de Cristo e gloriar-se na carne dos outros, embora os circuncidados nem sequer guardem a lei. Ele pede para jamais se gloriar, a não ser na cruz de nosso Senhor Jesus Cristo, afirma que nem a circuncisão nem a incircuncisão significam coisa alguma e que o que importa é uma nova criação, e declara que traz no corpo as marcas de Jesus.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org