Esdras 9
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo. 2Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”
3Lè mwen te tande afè sila a, mwen te chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin chita, dezole nèt. 4Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan ofrann aswè a.
5Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an. 6Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo. 7Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a. 8Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an. 9Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.
10“Alò, Bondye nou an, kisa nou va di apre sa? Paske nou te abandone kòmandman Ou yo, 11ke Ou te kòmande pa sèvitè Ou yo, pwofèt yo, lè Ou te di: ‘Peyi ke nou ap antre pou posede a se yon peyi ki pa pwòp avèk moun ki pa pwòp nan peyi yo, avèk abominasyon pa yo avèk sila yo te akonpli soti nan yon pwent jis rive nan yon lòt ak lenpite pa yo. 12Pou sa, pa bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’
13“Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a, 14konsa, èske nou ap ankò kraze kòmandman Ou yo, e fè maryaj ak pèp ki fè abominasyon sila yo? Èske Ou pa t ap fache avèk nou jis nan pwen pou detwi nou, jis pa menm gen yon retay, ni okenn moun ki chape? 15O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”

Você sabia?
A oração de confissão de Esdras
- Ao saber que os exilados que haviam retornado e seus líderes haviam se casado com povos vizinhos, Esdras demonstrou profunda dor rasgando sua túnica e seu manto, arrancando cabelos da cabeça e da barba e sentando-se estarrecido até o sacrifício da tarde.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em sua oração de confissão, Esdras reconheceu que Deus havia demonstrado misericórdia ao remanescente por meio dos reis do Império Persa, que permitiram aos judeus reconstruir o templo em Jerusalém, ainda que permanecessem sob domínio estrangeiro.Fontes: o próprio texto bíblico · Persia · Jerusalem
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 9
- Judea · Hoje: Judea 2 · 31.777, 35.234 · versículo 9
- Persia · 34.806, 48.516 · versículo 9
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org