Ezequiel 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon balans pou peze e divize cheve a. 2Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo. 3Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou. 4Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife, e brile yo nan dife a. Soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout lakay Israël la.
5“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo. 6Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’
7“Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’; 8akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè. 9Akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen pa t fè, e tankou sa Mwen p ap janm fè ankò. 10Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van. 11Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn. 12Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”
13Konsa, kòlè M va acheve. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te acheve kòlè Mwen sou yo a.
14“‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo. 15Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kont ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale— 16lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an. 17Anplis, Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufri gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”
Você sabia?
Um sinal profético do juízo de Jerusalém
- Ezequiel realiza um ato profético marcante ao raspar a cabeça e a barba com uma espada afiada e dividir o cabelo usando uma balança. As três porções iguais representam os destinos dos habitantes de Jerusalém: um terço morreria de fome e peste dentro da cidade sitiada, um terço cairia à espada ao redor dela, e um terço seria disperso entre as nações.Fontes: o próprio texto bíblico
- A passagem descreve Jerusalém como situada no centro das nações, cercada por outros países. O severo julgamento sobre ela é atribuído à rebelião contra as leis divinas de maneira mais grave do que a dos povos vizinhos.Fontes: Jerusalem · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org