Nations Bible

Ezequiel 43

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nan lè sa a, li te mennen m nan pòtay la; pòtay ki gen fas li vè lès la; 2Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li. 3Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m. 4Konsa, glwa SENYÈ a te vini nan kay la pa chemen pòtay ki te gen fas li vè lès la. 5Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.

6Nan lè sa a, mwen te tande yon moun ki t ap pale ak mwen soti nan kay la, pandan yon nonm te kanpe akote mwen. 7Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri, 8lè yo te mete papòt pa yo akote papòt pa Mwen, poto pòt pa yo akote poto pòt pa Mwen. Te gen yon miray ki te antre Mwen ak yo. Epi yo te souye non sen Mwen an ak abominasyon ke yo te komèt yo. Pou sa, Mwen te konsonmen yo nan gwo kòlè Mwen. 9Koulye a, kite yo mete akote zak pwostitisyon yo ak kadav a wa yo byen lwen Mwen. Konsa, Mwen va demere pami yo jis pou tout tan.”

10“Pou ou menm, fis a lòm, bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an. 11Si yo vin wont de tout sa ke yo te fè yo, fè yo konnen dizay kay la, fòm li, antre ak sòti li yo, dizay li, tout règleman ak tout lwa li yo. Ekri li devan zye yo pou yo ka wè tout dizay ak tout règleman li yo pou fè yo.

12“Sa se lwa kay la: tout espas toutozanviwon anwo mòn nan va sen pase tout kote. Gade byen, sa se lwa kay la.”

13“Epi sa yo se mezi lotèl la an koude (koude ki se yon koude plis mezi yon pla men): baz la va yon koude, lajè a va yon koude e arebò sou akote a va anviwon yon anpan; epi sa va wotè a baz lotèl la. 14Soti nan baz atè a pou rive piba ankadreman an, li va de koude, e lajè a va yon koude; epi soti nan pi piti ankadreman an pou rive nan pi gran ankadreman an, li va kat koude e lajè a va yon koude. 15Fou chofaj lotèl la va kat koude; epi soti nan fou chofaj la, kat kòn yo va monte anwo a. 16Alò, fou lotèl la va longè a douz koude pa douz nan lajè, ak kare nan kat kote li yo. 17Ankadreman an va katòz koude nan longè, katòz nan lajè nan kat kote li yo, arebò li va mwatye koude a e baz li va yon koude toutozanviwon li; epi eskalye li yo va bay fas vè lès.”

18Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sila yo se règleman pou lotèl la nan jou ke li bati a, pou ofri ofrann brile sou li e pou flite san sou li. 19‘Ou va bay a prèt Levit ki sòti nan fanmi Tsadok yo, ki rapwoche de Mwen pou fè sèvis Mwen yo,’ deklare Senyè BONDYE a, ‘yon jenn towo pou yon ofrann peche. 20‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li. 21Ou va, anplis, pran towo pou ofrann peche a, e li va vin brile nan kote ki chwazi nan kay la deyò sanktyè a.

22“‘Nan dezyèm jou a, ou va ofri yon mal kabrit san defo kon ofrann peche, e yo va netwaye lotèl la jan yo te netwaye li ak towo a. 23Lè ou fin netwaye li, ou va prezante yon jenn towo san defo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an. 24Ou va prezante yo devan SENYÈ a; prèt yo va jete sèl sou yo e yo va ofri yo kon ofrann brile a SENYÈ a.

25“‘Pandan sèt jou, ou va prepare chak jou yon kabrit kon ofrann peche; anplis, yon jenn towo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an, va vin prepare. 26Pandan sèt jou, yo va fè ekspiyasyon pou lotèl la e fè l vin pwòp; se konsa yo va konsakre li. 27Lè yo fin konplete nonb de jou yo, li va rive ke nan uityèm jou a e kontinye, prèt yo va ofri ofrann brile pa nou an sou lotèl la ak ofrann lapè nou yo. Konsa, Mwen va aksepte nou,’ deklare Senyè BONDYE a.’”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O Retorno da Glória e o Altar

  • Ezequiel contempla a glória de Deus retornando ao templo pela porta oriental, associando essa manifestação diretamente às visões que tivera junto ao rio Quebar, na Babilônia.Fontes: o próprio texto bíblico · Chebar
  • Os deveres no santuário e a consagração do altar são reservados exclusivamente aos sacerdotes levitas da linhagem de Zadoque, que serviu como sumo sacerdote durante os reinados de Davi e Salomão.Fontes: o próprio texto bíblico · Zadok
  • As medidas do altar são calculadas em côvados longos, equivalentes a um côvado comum somado a quatro dedos. Um ritual de sete dias de purificação e expiação com sangue e sal era exigido antes que as ofertas regulares fossem aceitas a partir do oitavo dia.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 3

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.