Ezequiel 30
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pawòl SENYÈ a te vin kote m ankò e te di:
2“Fis a lòm, pwofetize e di:
‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’
3Paske jou a pwòch.
Menm jou SENYÈ a pwòch.
Li va yon jou nwaj,
yon tan fènwa pou nasyon yo.
4Yon nepe va rive sou Égypte
e gwo doulè va rive Ethiopie,
lè sila yo touye yo tonbe an Égypte.
Yo va retire tout richès li yo
e fondasyon li yo va fin demoli nèt.
5“‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup alyans yo va tonbe ak yo pa nepe.”
6“‘Konsa pale SENYÈ a:
“Anverite, sila ki sipòte Égypte yo va tonbe.
Ògèy a pouvwa li a va tonbe.
Soti nan Migdol jis rive Syène,
yo va tonbe pa nepe,”
deklare Senyè BONDYE a.
7Yo va vin dezole nan mitan peyi ki dezole yo.
Konsa, vil li yo va nan mitan vil k ap devaste yo.
8Yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,
lè M limen dife an Égypte la,
e tout sila ki te ede l yo vin kraze nèt.
9“‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”
10“‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Anplis Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann
pa men Nebucadnetsar, wa Babylone nan.
11Li menm ak pèp li a avè l,
pi mechan pami nasyon yo va antre
pou detwi peyi a.
Yo va rale nepe yo kont Égypte,
e plen peyi a ak mò yo.
12Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo,
e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo.
Mwen va fè peyi a vin dezole
ak tout sa ki ladann
pa men etranje yo.
Mwen, SENYÈ a, fin pale.”
13“‘Konsa pale Senyè Bondye a:
“Anplis, Mwen va detwi zidòl yo,
e fè imaj yo sispann nan Noph.
P ap gen prens ankò nan peyi Égypte.
Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte.
14Mwen va fè Pathros vin dezole,
mete dife nan Tsoan,
e egzekite jijman sou Nò.
15Mwen va vide chalè kòlè Mwen
sou Sin, sitadèl a Égypte la.
Anplis, Mwen va koupe retire nèt gwo foul Nò yo.
16Mwen va mete dife an Égypte.
Sin va vin tòde ak gwo doulè.
No va kraze an mòso, separe.
Noph va gen brèch nèt ak gwo twoub chak jou.
17Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe.
Y ap antre an kaptivite.
18Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa,
lè M kraze jouk an fè Égypte la.
Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li.
Yon nwaj va kouvri li,
e fi li yo va antre an kaptivite.
19Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte.
Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
20Nan onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 21“Fis a lòm, Mwen te kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t vlope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe. 22Konsa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li. 23Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo. 24Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò. 25Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li lonje li kont peyi Égypte la. 26Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e dispèse yo pami peyi yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

Você sabia?
O Julgamento sobre o Egito e Seus Aliados
- Ezequiel identifica Nabucodonosor, o rei da Babilônia, como o instrumento escolhido para trazer ruína sobre o Egito e derrotar suas multidões.Fontes: Nebuchadnezzar · o próprio texto bíblico
- O oráculo menciona importantes centros religiosos e administrativos em todo o Egito, incluindo Mênfis (Nofe), Tebas (No) e a cidade fortificada de Pelúsio (Sim).Fontes: Memphis · Pelusium · Thebes · o próprio texto bíblico
- A profecia adverte também os aliados regionais e vizinhos do Egito, como Cuche ao sul, de que compartilharão do pânico e da ruína quando o Egito cair.Fontes: Cush · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Cush · Hoje: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículos 4, 5, 9
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 4, 5, 6, 7, 8, 9, 10, 11, 12, 13, 15, 16, 18, 19, 21, 22, 23, 24, 25, 26
- Arabia · Hoje: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · versículo 5
- Libya · 32.821, 21.851 · versículo 5
- Syene · Hoje: Aswan · 24.089, 32.900 · versículo 6
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 10, 24, 25
- Nile · Hoje: Nile River · 31.465, 30.367 · versículo 12
- Memphis · 29.849, 31.253 · versículos 13, 16
- Pathros · Hoje: Upper Egypt · 24.100, 32.700 · versículo 14
- Thebes · 25.721, 32.610 · versículos 14, 15, 16
- Zoan · Hoje: Tanis · 30.977, 31.880 · versículo 14
- Pelusium · Hoje: Tell el Farama · 31.043, 32.546 · versículos 15, 16
- Heliopolis · Hoje: Ain Shams · 30.129, 31.308 · versículo 17
- Pi-beseth · Hoje: Tell Basteh · 30.573, 31.510 · versículo 17
- Tahpanhes · Hoje: Tell Defenneh · 30.861, 32.171 · versículo 18
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org