Ezequiel 22
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2“Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo. 3Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye! 4Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo. 5Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen twoub.
6“‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an. 7Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou. 8Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo. 9Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd. 10Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo. 11Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li. 12Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
13“‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou. 14Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji. 15Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou. 16Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
17Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18“Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan. 19Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem. 20Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou. 21Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li. 22Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”
23Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 24“Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’ 25Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li. 26Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo. 27Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt. 28Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale. 29Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
30“Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn. 31Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.
Você sabia?
Julgamento sobre os pecados de Jerusalém
- Ezequiel emprega imagens metalúrgicas ao comparar a casa de Israel a metais comuns e à escória—cobre, estanho, ferro e chumbo—separados durante o refino da prata. Jerusalém é retratada como uma fornalha de fundição onde essas impurezas serão reunidas e derretidas sob o fogo do julgamento divino.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo apresenta uma acusação contra todos os níveis de liderança e da sociedade de Jerusalém, mencionando especificamente seus príncipes, sacerdotes, autoridades, falsos profetas e o povo comum. Cada grupo é condenado por corrupção generalizada, opressão dos vulneráveis e desprezo pelas leis sagradas, não restando ninguém para ficar na brecha em favor da terra.Fontes: o próprio texto bíblico
- Embora Jerusalém fosse tradicionalmente reverenciada como a cidade santa e seu nome estivesse associado à paz, Ezequiel a chama abertamente de cidade sanguinária devido à violência desenfreada, à extorsão e à injustiça sistêmica dentro de seus muros.Fontes: Jerusalem · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org