Ezequiel 19
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo, 2Epi di:
‘Kisa manman ou te ye?
Yon manman lyon pami lyon yo!
Li te kouche pami jenn ti lyon yo;
pami jenn lyon yo, li te leve pitit li yo.
3Lè l te fin leve youn nan pitit li yo,
pitit la te devni yon lyon.
Li te vin aprann jan pou li dechire bèt pou li manje;
li te devore moun.
4Alò, nasyon yo te tande de li;
li te vin kaptire nan twou fòs pa yo,
e yo te mennen li ak kwòk, rive nan peyi Égypte.
5“‘Lè manman lyon an te wè ke li te tann,
men ke espwa li te vin pèdi,
li te pran yon lòt nan pitit li yo,
e te fè l vin yon jenn ti lyon.
6Konsa, li te mache toupatou pami lyon yo.
Li te devni yon jenn ti lyon.
Li te aprann jan pou kenbe viktim li.
Li te devore moun.
7Li te konnen gran palè yo,
e li te devaste vil yo.
Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt,
akoz son a gwonde li.
8Nasyon yo te atake li tout kote
soti nan pwovens yo.
Yo te ouvri filè yo sou li.
Li te vin kaptire nan twou fòs yo.
9Yo te mete li nan yon kalòj ak kwòk,
e te mennen li kote wa Babylone nan.
Yo te mennen li andedan fò yo
pou vwa l pa tande menm ankò
sou mòn Israël yo.
10“‘Manman ou te tankou yon lyann
nan san ou an.
Li te plante bò kote dlo.
Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.
11Li te gen branch ki dyanm,
ki ta ka sèvi pou baton wa yo.
Wotè li te leve pi wo nwaj yo
pou moun ta ka wè l
nan tout wotè li ak tout branch li yo.
12Men li te vin rache ak kòlè.
Li te jete atè nèt,
epi van nan lès te seche fwi li yo.
Gwo branch dyanm li yo te vin rache.
Yo te fennen.
Dife te manje yo nèt.
13Epi koulye a, li vin plante nan dezè a,
nan yon peyi ki sèch e ki swaf.
14Dife a fin gaye nan tout branch li yo.
Li te konsonmen boujon ak fwi li yo,
jiskaske pa t gen ladann yon branch
ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’
Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”

Você sabia?
Um Lamento pelos Príncipes de Israel
- Ezequiel estrutura este cântico fúnebre como uma alegoria de uma leoa criando seus filhotes. O primeiro filhote aprende a despedaçar a presa, mas é capturado com ganchos e levado ao Egito, enquanto o segundo é apanhado numa rede, colocado em uma jaula e levado cativo ao rei da Babilônia.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt · Babylon
- A segunda metade do lamento compara a linhagem real a uma videira viçosa plantada junto a muitas águas, que produzia ramos fortes adequados para cetros de governantes. Ela retrata a videira sendo arrancada com furor, ressecada pelo vento oriental, consumida pelo fogo e transplantada para um deserto árido.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org