Nations Bible

Ester 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar la), sou trèzyèm jou a, lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo. 2Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo. 3Menm tout chèf pwovens yo, reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo. 4Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardochée, te vin pi gwo e pi gwo. 5Konsa, Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo. 6Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm. 7Yo te touye Parchandatha, Dalphon, Aspatha, 8Poratha, Adalia, Aridatha, 9Parmaschtha, Arizaï, Aridaï avèk Vajezatha, 10dis fis a Haman yo, fis a Hammedatha yo, lènmi a Jwif yo. Men yo te refize touche piyaj la.

11Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a. 12Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt.

13Epi Esther te di: “Si sa se plezi a wa a, kite demen, anplis, vin bay a Jwif ki nan Suse yo, pou fè menm ak dekrè ki pou jodi a; epi kite dis fis a Haman yo vin pann sou wo etaj la.”

14Pou sa, wa a te kòmande pou li ta fèt konsa. Yon dekrè te pibliye nan Suse e dis fis a Haman yo te pann. 15Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar la e te touye twa-san moun nan Suse, men yo pa t mete men yo sou piyaj la.

16Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la. 17Sa te fèt nan trèzyèm jou nan mwa Adar la e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.

18Men Jwif ki te nan Suse yo te rasanble nan trèzyèm avèk katòzyèm jou nan menm mwa a. Men yo te repoze nan kenzyèm jou a, e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans. 19Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar la yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.

20Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo, 21pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar la avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane, 22paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yon jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo. 23Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo. 24Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo. 25Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.

26Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo, 27Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane. 28Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou a Purim sila yo pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.

29Epi rèn Esther, fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim. 30Li te voye lèt yo a tout Jwif nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite, 31pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon pou tan jèn avèk lamantasyon yo. 32Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou Purim, e sa te ekri nan liv la.

Você sabia?

A origem de Purim e a libertação dos judeus

  • A festa de Purim recebe esse nome a partir da palavra pur, que significa sorte, em referência ao sorteio feito por Hamã para fixar a data da destruição do povo judeu. Mardoqueu e a rainha Ester estabeleceram a celebração anual nos dias catorze e quinze de Adar para comemorar a vitória com banquetes, alegria, envio de presentes entre si e doações aos pobres.Fontes: o próprio texto bíblico · Haman · Mordecai
  • O texto bíblico enfatiza três vezes distintas que os judeus não tocaram nos bens dos seus inimigos para saque. Isso evidenciava que sua ação visava estritamente à autodefesa e à sobrevivência, e não ao enriquecimento pessoal.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Nas províncias do império, os judeus se defenderam no dia treze de Adar e descansaram no dia catorze, enquanto na cidadela de Susã os combates prosseguiram por mais um dia, levando os moradores da capital a descansar no dia quinze. Devido a essa diferença, ambos os dias foram fixados no calendário anual da celebração.Fontes: o próprio texto bíblico · Susa

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Susa · Hoje: Shush · 32.189, 48.258 · versículos 6, 11, 12, 13, 14, 15, 18

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.