Ester 7
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, wa a avèk Haman te vini pou bwè diven an avèk Esther, rèn nan. 2Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, “Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”
3Rèn Esther te reponn: “Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande. 4Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”
5Konsa, Wa Assuérus te mande rèn Esther, “Ki moun li ye e kibò li ye, ki ta pwopoze fè afè sila a?”
6Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!”
Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan. 7Wa a nan kòlè li te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay. 8Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.
9Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!”
Epi wa a te di: “Pann li sou li!”
10Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.

Você sabia?
Ester Revela a Conspiração de Hamã
- No segundo banquete de vinho, a rainha Ester revelou que ela e seu povo haviam sido condenados ao extermínio total. Quando o rei exigiu saber quem havia planejado tal ato, ela denunciou diretamente Hamã, o alto oficial do monarca, como o adversário perverso.Fontes: o próprio texto bíblico · Esther · Haman
- Quando o rei Assuero retornou furioso do jardim do palácio, encontrou Hamã prostrado sobre o divã onde Ester estava reclinada para suplicar por sua vida. O rei interpretou essa atitude como uma agressão à rainha, e os servos imediatamente cobriram o rosto de Hamã.Fontes: o próprio texto bíblico · Ahasuerus
- Harbona, um dos eunucos da corte, informou ao rei que Hamã havia construído em sua casa uma forca de cinquenta côvados para Mardoqueu, o homem que antes salvara a vida do monarca. Assuero ordenou prontamente que o próprio Hamã fosse executado na estrutura que havia preparado.Fontes: o próprio texto bíblico · Mordecai · Harbonah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org