Efésios 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
11Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, 12sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. 13Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la. 14Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. 17“Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” 18Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a. 19Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, 20ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la. 21Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a. 22Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.

Você sabia?
Vivificados e aproximados
- Efésios 2 dirige-se a leitores que estavam mortos em suas transgressões e pecados, conformando-se aos caminhos deste mundo e ao governante do poder do ar. Diz que Deus, rico em misericórdia, os vivificou com Cristo, os ressuscitou com ele e os fez assentar-se com ele nos lugares celestiais, e que foram salvos pela graça, por meio da fé, não por si mesmos, mas como dom de Deus, e não por obras, para que ninguém se glorie.Fontes: o próprio texto bíblico
- Efésios 2 lembra aos leitores que são gentios na carne que eram chamados incircuncisos pela assim chamada circuncisão, que o capítulo descreve como feita no corpo por mãos humanas. Diz que, naquele tempo, estavam separados de Cristo, alienados da cidadania de Israel e estranhos às alianças da promessa, sem esperança e sem Deus no mundo.Fontes: o próprio texto bíblico
- Efésios 2 chama o próprio Cristo de nossa paz: ele fez dos dois um só e derrubou a parede divisória da hostilidade, abolindo na sua carne a lei dos mandamentos e decretos, para criar em si um novo homem e reconciliar ambos com Deus num só corpo. Ele anunciou paz aos que estavam longe e aos que estavam perto, e por meio dele ambos têm acesso ao Pai por um só Espírito. Os leitores já não são estranhos nem estrangeiros, mas concidadãos dos santos e membros da família de Deus, edificados sobre os apóstolos e os profetas, com Cristo Jesus como pedra angular, e nele também eles estão sendo edificados juntos como um templo santo, morada de Deus no seu Espírito.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org