Nations Bible

Eclesiastes 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Paske, tout sa mwen te pote kon fado nan kè m pou eksplike li; ke moun dwat yo, moun saj yo, avèk tout zèv yo nan men Bondye. Lòm pa konnen si se lanmou, oswa rayisman; nenpòt bagay kapab tann li. 2Se menm bagay la pou tout moun. Gen yon sèl desten pou moun dwat yo ak mechan yo; pou bon an, pou moun san tach la, ak pou enpi a; pou sila ki ofri sakrifis ak sila ki pa ofri sakrifis la. Tankou sila ki dwat ak pechè a menm jan; tankou sila ki fè sèman an, se konsa sila ki refize sèmante a ye. 3Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo. 4Paske, nenpòt moun ki jwenn ansanm ak lòt vivan yo gen espwa; anverite, yon chen vivan pi bon pase yon lyon ki mouri. 5Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt. 6Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.

7Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a. 8Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou. 9Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la. 10Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.

11Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout. 12Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.

13Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m. 14Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li. 15Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a. 16Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo. 17Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse. 18Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Um destino comum e o valor da vida

  • O autor aconselha a celebrar a vida cotidiana por meio de expressões antigas de alegria e honra: comer pão, beber vinho, vestir roupas brancas e ungir a cabeça com óleo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A passagem refere-se ao Seol como o lugar dos mortos, descrevendo-o como um estado onde o trabalho, o planejamento, o conhecimento e a sabedoria cessam, ressaltando a urgência de viver ativamente enquanto há vida.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A guerra de cerco da Antiguidade é ilustrada pelo relato de um rei poderoso que constrói grandes rampas de cerco contra uma pequena cidade, a qual é salva pela sabedoria de um homem pobre, e não pela força militar.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.