Eclesiastes 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite. 2Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
3Mwen te fè ankèt ak panse m kòman pou eksite kò m ak diven pandan panse m ap gide m ak sajès ak jan pou kenbe foli, jiskaske mwen ta kapab wè sa ki bon ki genyen pou fis a lòm yo fè anba syèl la pandan ti kras ane ke y ap viv yo. 4Mwen te agrandi zèv mwen yo. Mwen te bati kay pou mwen; mwen te plante chan rezen pou mwen. 5Mwen te fè jaden ak bèl plas pou tèt mwen e mwen te plante ladann yo tout kalite pye fwi. 6Mwen te fè gwo basen dlo pou tèt mwen pou awoze yon forè bwa ki t ap grandi. 7Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo. 8Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin. 9Epi mwen te vin gran, pi gran pase tout wa ki te avan m Jérusalem yo. Konsa, sajès mwen te kanpe avè m. 10Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo. 11Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.
12Konsa mwen te vire konsidere sajès, afè moun ensanse menm ak foli; paske se kisa yon nonm ki swiv wa sila a ka fè, sinon sa ki te konn fèt deja? 13Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb. 14Zye a mesye saj la anndan tèt li; men moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de. 15Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.” 16Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!
17Pou sa, mwen te rayi lavi, paske travay ki te fèt anba syèl la te yon doulè pou mwen; paske tout bagay se kòve ak kouri dèyè van. 18Konsa, mwen te rayi tout fwi a travay mwen yo, pou sila mwen te fè efò anba solèy la; paske mwen ap oblije kite li bay nonm nan k ap swiv mwen an. 19Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.
20Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la. 21Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal. 22Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? 23Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite. 24Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye. 25Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m? 26Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.

Você sabia?
A Busca por Prazer e Significado
- O narrador de Eclesiastes testa o valor da riqueza realizando grandes projetos de construção, plantando vinhedos e pomares, construindo reservatórios e acumulando ouro, prata e servos, superando todos os que governaram em Jerusalém antes dele.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
- Embora a sabedoria seja reconhecida como superior à insensatez assim como a luz supera as trevas, o autor observa que tanto o sábio quanto o tolo enfrentam no fim o mesmo destino da morte e do esquecimento.Fontes: o próprio texto bíblico
- Apesar do desespero com a futilidade de deixar o fruto do trabalho para um sucessor desconhecido, o capítulo conclui que poder comer, beber e desfrutar do próprio trabalho é um dom que vem das mãos de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org