Deuteronômio 33
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li. 2Li te di:
“SENYÈ a te sòti nan Sinai,
e te parèt sou yo soti nan Séir.
Li te briye soti nan Mòn Paran.
Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen.
Nan men dwat Li, te gen yon lalwa
byen cho ki te pou yo.
3Anverite, Li renmen pèp la.
Tout sen li yo nan men Ou.
Sou pye Ou, yo tout pwostène.
Yo te resevwa pawòl Ou yo.
4Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa,
eritaj pou asanble Jacob la.
5Epi Li te wa an Israël
lè tèt a pèp la te rasanble
tout tribi a Israël yo ansanm.
6Ke Ruben viv e pa mouri;
ni ke moun li yo pa manke.”
7Sa se pou Juda: Li te di,
“Tande O Israël vwa Juda,
e mennen li vè pèp li.
Avèk men li, li te lite pou kont li.
Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”
8A Lévi, li di:
Thumim nan avèk Urim nan
apatyen a sèvitè fidèl Ou,
ou te pase li a leprèv nan Massa,
avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
9Li te di de papa l avèk manman l:
“Mwen pa t wè li.”
Li pa t rekonèt pwòp frè pa li,
ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou
e te kenbe akò Ou.
10Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob,
e lwa Ou a Israël.
Yo va mete lansan devan Ou,
ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.
11O SENYÈ, beni abilite li yo,
e beni zèv men li yo.
Kase ren a sila ki leve kont li yo,
e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.
12A Benjamin, li te di:
“Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li,
paske Li pwoteje li tout lajounen.
Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”
13A Joseph, li te di:
“Peyi li se beni pa SENYÈ a
ak lawouze presye ki soti nan syèl la,
e avèk dlo pwofon ki anba,
14pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,
15pou pi bèl bagay a mòn ansyen yo,
pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,
16pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l,
ak favè a Sila ki te demere nan touf bwa brile a.
Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la,
sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.
17Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li.
Kòn li yo se kòn a bèf mawon.
Avèk yo, li va bourade pèp yo,
jis a sila a ki nan pwent latè yo.
Sila yo se di-mil a Ephraïm yo.
Yo se milye a Manassé yo.”
18De Zabulon, li te di:
“Rejwi, Zabulon lè nou soti,
ak Issacar nan tant nou yo.
19Yo va rele nasyon yo vini nan mòn lan.
La, yo va ofri sakrifis ladwati,
paske yo va rale abondans lanmè
ak trezò ki kache nan sab yo.”
20De Gad, li te di:
“Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo;
li kouche ba tankou yon manman lyon,
pou l dechire bra a oswa tèt la.
21Premye pati li fè pou kont li,
paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève.
Epi li te vini avèk chèf a pèp yo.
Li te egzekite jistis a SENYÈ,
òdonans Li yo avèk Israël.”
22De Dan, li te di:
“Dan se pòtre a yon lyon
ki vòltije sòti nan Basan.”
23De Nephtali, li te di:
“O Nephtali, satisfè avèk favè,
ranpli avèk benediksyon SENYÈ a,
Kon eritaj, vin pran pati lwès la, ak sid la.”
24De Aser, li te di:
“Pi beni pase fis yo se Aser.
Ke li kapab beni pa frè li yo.
Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.
25Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz.
Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
26Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la,
ki monte sou syèl yo pou rive ede nou,
e ki travèse syèl yo nan majeste Li.
27Bondye etènèl la se kote pou nou kache.
Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan.
Li te chase lènmi an devan nou;
Li te di: ‘Detwi!’
28Konsa, Israël viv ansekirite,
sous Jacob ki mete apa a,
nan yon peyi sereyal avèk diven nèf.
Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.
29Beni ou ye, O Israël!
Kilès ki sanble avèk ou,
yon pèp delivre pa SENYÈ a,
ki se pwotèj k ap ba ou sekou a
ki se nepe a majeste ou?
Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou,
e ou va foule wo plas yo.”

Você sabia?
A Bênção Final de Moisés sobre as Tribos
- O poema começa com uma vívida descrição de Deus aparecendo a partir do deserto ao sul, mencionando expressamente o Sinai, Seir e o monte Parã para retratar o Senhor raiando como o sol sobre o seu povo reunido.Fontes: o próprio texto bíblico · Sinai · Seir · Mount Paran
- A bênção para a tribo de Levi destaca os seus deveres sagrados: consultar o Urim e o Tumim, oferecer incenso e holocaustos no altar e ensinar as ordenanças e a lei de Deus à assembleia de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Massah · Meribah (of Horeb)
- A bênção de José antecipa grande fertilidade e força militar, mencionando especificamente tanto Efraim quanto Manassés, as duas linhagens tribais descendentes dos filhos de José nascidos no Egito.Fontes: o próprio texto bíblico · Joseph (son of Jacob) · Ephraim · Manasseh (son of Joseph)
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Meribah · Hoje: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículo 2
- Meribah · Hoje: within 500 m of Wadi Rufaiyil · 28.623, 33.880 · versículo 8
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 22
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org