Nations Bible

Deuteronômio 26

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1“Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann, 2ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an. 3Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou a, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’”

4“Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.

5“Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun. 6Ejipsyen yo te trete nou byen di e te aflije nou. Yo te enpoze travay fòse sou nou. 7Alò, nou te kriye a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, epi SENYÈ a te tande vwa nou e te wè afliksyon nou avèk travay di ak opresyon yo. 8Konsa, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan, yon bra lonje, avèk gwo krent, avèk sign ak mèvèy. 9Li te mennen nou nan kote sa a, e te bannou peyi sa a, yon peyi k ap koule avèk lèt ak siwo myèl.

10“‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a; 11epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.

12“Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.

13“Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo. 14Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo. 15Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’

16“Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.

17“Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.

18“Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo. 19Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”

Você sabia?

Primícias, Dízimos e Dedicação da Aliança

  • Ao apresentar as primícias de suas colheitas no santuário escolhido, os israelitas deviam recitar uma confissão histórica. Essa declaração lembrava seu ancestral como um arameu errante, o crescimento e a escravidão no Egito e a libertação conduzida por Deus até uma terra fértil.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O terceiro ano era designado como um ano especial de dízimo, no qual o produto era separado especificamente para sustentar membros vulneráveis da comunidade, incluindo levitas, estrangeiros residentes, órfãos e viúvas.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo conclui com uma declaração mútua de aliança: o povo se comprometia publicamente a obedecer aos estatutos de Deus, enquanto Deus os afirmava como Seu povo exclusivo e uma nação santa.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 5, 8

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.