Deuteronômio 24
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li. 2Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye. 3Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri, 4premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a.
“Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.
5“Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
6“Pèsòn pa pou pran wòch moulen anwo a kòm sekirite; paske se tankou li te pran vi a moun nan kòm sekirite.
7“Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo, epi li te trete l kon esklav, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou.
8“Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè. 9Sonje sa ke SENYÈ Bondye nou an, te fè Marie nan chemen an pandan nou t ap sòti an Égypte la.
10“Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti. 11Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou. 12Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li. 13Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. 14Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. 15Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
16“Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.
17“Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti. 18Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
19“Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo. 20Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. 21Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
22“Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.

Você sabia?
Leis de Compaixão, Justiça e Proteção Social
- As leis de colheita israelitas exigiam que os proprietários deixassem feixes esquecidos de cereais, azeitonas restantes e respigos de uvas para os grupos vulneráveis: o estrangeiro residente, o órfão e a viúva. Esse sistema de assistência apoiava-se na memória coletiva de que os israelitas haviam sido escravos no Egito.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt
- Devedores e trabalhadores assalariados contavam com limites legais explícitos. Os credores eram proibidos de entrar na casa de um devedor para tomar penhores, de reter mós indispensáveis ao sustento diário ou de guardar a capa de dormir de uma pessoa pobre após o pôr do sol, além de deverem pagar os diaristas antes do anoitecer.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ao dar instruções sobre doenças infecciosas da pele e as orientações dos sacerdotes levíticos, o texto relembra a aflição que atingiu Miriã, irmã de Moisés e Arão, durante a caminhada pelo deserto após a saída do Egito.Fontes: o próprio texto bíblico · Miriam · Egypt
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org