Nations Bible

Deuteronômio 20

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1“Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou. 2Lè nou ap pwoche batay la, prèt la va pwoche pou pale avèk pèp la. 3Li va di yo: ‘Tande O Israël, n ap pwoche batay la kont lènmi nou yo jodi a. Pa fè kè sote. Pa pè, ni pa sezi, ni tranble devan yo, 4paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’

5“Ofisye militè yo, osi, va pale avèk pèp la, e di: ‘Se kilès nan mesye yo ki te bati yon kay tounèf e ki poko etabli ladann? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kab mouri nan batay la, e yon lòt va vin etabli ladann. 6Kilès nan mesye yo ki te plante yon chan rezen e ki poko sèvi nan fwi li? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt moun va vin sèvi nan fwi li a. 7Epi kilès nan mesye yo ki fiyanse a yon fi e ki poko marye avè l? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt mesye kapab vin marye avè l.’

8“Konsa, ofisye yo va pale plis avèk pèp la pou di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’ 9Lè ofisye yo fin pale ak pèp la, yo va chwazi kòmandan lame yo kòm chèf an tèt pèp la.

10“Lè nou pwoche yon vil pou goumen kont li, nou va ofri li kondisyon lapè. 11Si li dakò pou fè lapè avèk nou e louvri pou nou; alò, tout pèp ki ladann yo va devni fòs travay kòve nou, e va sèvi nou. 12Men si li pa fè lapè avèk nou, men fè lagè kont nou, alò, nou va fè syèj kont li.

13“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, livre li nan men nou, nou va frape tout mesye yo avèk lam nepe. 14Sèlman fanm avèk pitit avèk bèt avèk tout piyaj la, nou va pran kòm byen ki sezi pou kont nou. Nou gen dwa sèvi piyaj lènmi nou yo ke SENYÈ a te bannou.

15“Konsa, nou va fè a tout vil ki lwen nou yo, ki pa pati nan vil a nasyon ki toupre yo.

16“Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire. 17Nou va detwi yo nèt; Etyen yo, Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, 18jis pou yo pa vin enstwi nou selon tout bagay abominab ke yo te fè pou dye pa yo, pou nou vin peche kont SENYÈ a, Bondye nou an.

19“Lè nou fè syèj yon vil pandan anpil tan, pou fè lagè kont li pou nou kapab pran li an kaptivite, nou pa pou detwi pyebwa li yo nan voye rach sou yo; pou nou kapab manje nan yo, e nou pa pou koupe yo. Paske èske pyebwa chan an se yon moun, ke nou ta dwe fè syèj ladann? 20Sèlman bwa ke nou konnen ki pa bay fwi yo, nou va detwi yo e koupe yo, pou nou kapab konstwi syèj yo kont vil ki kont nou an, jiskaske l fin tonbe.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Leis sobre a Guerra

  • Antes de entrar em combate, os oficiais israelitas anunciavam isenções específicas do serviço militar, dispensando homens que tivessem construído uma casa ainda não dedicada, plantado uma vinha ainda não colhida, ficado noivos ou sentissem medo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A lei estabelecia políticas de guerra diferentes para cidades distantes em comparação com as cidades da Terra Prometida; às cidades distantes ofereciam-se primeiro termos de paz, enquanto os habitantes das nações locais deviam ser totalmente destruídos para evitar a idolatria.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Durante longos cercos, as forças israelitas eram proibidas de cortar árvores frutíferas para construir estruturas de cerco, limitando o corte de madeira apenas a árvores que sabiam não produzir alimento.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 1

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.