Deuteronômio 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.
2“Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di: 3‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a. 4Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan tèritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon. 5Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l. 6Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.”’”
7“Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”
8“Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak Etsjon-Guéber. Konsa, nou te vire pase nan chemen dezè Moab la.
9“Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’
10“(Avan, se te pèp Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo). 11Tankou Anakim yo, yo konnen kòm Rephaïm; men Moabit yo, te rele yo Émim. 12Otrefwa, se te Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.)
13“‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la.
14“Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan. 15Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.
16“Epi li te vin rive ke lè tout moun lagè yo te fin mouri pami pèp la, 17ke SENYÈ a te pale avè m e te di: 18‘Jodi a, ou va travèse sou Ar, lizyè a Moab la. 19Lè ou vin anfas fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a fis a Lot yo kòm posesyon.’
20“(Li rele osi peyi a, Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim, 21yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo, 22jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a. 23Epi Avyen ki te rete nan vil yo jis rive kote Gaza, Kaftorim yo ki te sòti nan Caphtor, te detwi yo, e te vin viv nan plas yo.)
24“Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè. 25Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.”
26“Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di: 27‘Kite mwen pase nan peyi ou a, Mwen va vwayaje sèlman sou gran chemen an; mwen p ap vire akote ni adwat ni agoch. 28Ou va vann mwen manje pou lajan pou m kab manje; epi ban mwen dlo pou lajan pou m kab bwè. Sèlman, kite mwen pase ladann a pye, 29jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’
30“Men Sihon, wa Hesbon an, pa t dakò kite nou pase nan peyi pa li a; paske SENYÈ a te fè lespri li rèd e kè li di, pou l ta kapab livre li nan men nou, jan ke li ye la jodi a.
31“Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’
32“Epi Sihon avèk tout pèp li a te parèt pou rankontre nou nan batay nan Jahats la. 33SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a. 34Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan. 35Se sèl bèt nou te pran kòm piyaj nou, ak piyaj a vil ke nou te pran an kaptif.
36“Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout. 37Sèlman, nou pa t pwoche tèritwa fis a Ammon yo, toupatou akote rivyè Jabbok la ak vil peyi mòn yo, ak nenpòt kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, te anpeche nou antre.”

Você sabia?
A Jornada pelas Terras Vizinhas
- Deus ordenou que Israel não atacasse os descendentes de Esaú no monte Seir, nem os moabitas e amonitas descendentes de Ló. Os israelitas deveriam pagar em prata pela comida e pela água, pois Deus já havia concedido essas terras a esses povos aparentados.Fontes: o próprio texto bíblico · Seir · Esau (Edom)
- A travessia do ribeiro de Zerede marcou a conclusão de trinta e oito anos de peregrinação desde a saída de Cades-Barneia. Ao cruzar esse vale, toda a geração anterior de homens de guerra já havia falecido no deserto.Fontes: o próprio texto bíblico · Zered
- Embora Israel tenha oferecido termos de paz ao rei Seom de Hesbom para passar pelas terras amorreias pela estrada principal, Seom recusou e marchou para a batalha em Jaza. Israel derrotou seu exército e conquistou suas cidades fortificadas desde o vale do Arnom até Gileade.Fontes: o próprio texto bíblico · Sihon · Heshbon
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Way of the Red Sea · Hoje: road between the Dead Sea and the Gulf of Aqaba · 29.727, 34.998 · versículo 1
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 8
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 8, 9, 18
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 12
- Zered · Hoje: Wadi al Hasa · 31.027, 35.485 · versículos 13, 14
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 19, 37
- Gaza · Hoje: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 23
- Valley of the Arnon · Hoje: Wadi Mujib · 31.466, 35.573 · versículos 24, 36
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 29
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 36
- Jabbok · Hoje: Zarqa River · 32.115, 35.543 · versículo 37
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org