Deuteronômio 18
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li. 2Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.
3“Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan. 4Nou va ba li premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo. 5Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan.
6“Alò, si yon Levit sòti nan youn nan vil nou yo atravè tout Israël kote li rete a, e li vini nenpòt lè li vle kote ke SENYÈ a chwazi a, 7alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a. 8Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.
9“Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo. 10Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
13“Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14“Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa. 15SENYÈ Bondye nou an, va fè leve nan mitan nou yon pwofèt tankou mwen, pami Izrayelit parèy nou yo, nou va koute li. 16Paske se sa nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’
17“SENYÈ a te di mwen: ‘Yo te pale byen.
18“‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li. 19Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm. 20Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’
21“Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’ 22Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vre, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li.
Você sabia?
Sustento Levítico e Verdadeira Profecia
- Diferente das outras tribos de Israel, a tribo de Levi não recebeu herança de terras no território. Em vez disso, os sacerdotes e levitas eram sustentados por porções designadas dos sacrifícios—incluindo a espádua, os queixos e o bucho—e por ofertas de primícias de cereais, vinho novo, azeite e lã tosada.Fontes: o próprio texto bíblico · Levi (patriarch)
- A proibição de práticas de adivinhação, feitiçaria e consulta aos mortos contrastava diretamente com a promessa de um profeta levantado dentre os israelitas. Esse papel ligava-se à assembleia em Horebe, quando o povo pediu a Moisés que intermediasse para não ouvir diretamente a voz de Deus no fogo.Fontes: o próprio texto bíblico · Horeb
- Para distinguir mensageiros autênticos de profetas presunçosos ou falsos, o texto estabeleceu um critério prático: se uma palavra dita em nome do SENHOR não se cumprisse nem acontecesse, não vinha de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Mount Horeb · Hoje: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículo 16
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org