Deuteronômio 15
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo. 2Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.
3“A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou. 4Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede) 5si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a.
6“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou jan Li te pwomèt nou an. Nou va prete a anpil nasyon, men nou p ap prete nan men yo. Nou va domine sou anpil nasyon, men yo p ap domine sou nou.
7“Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
9“Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. 10Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
11“Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’
12“Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète. 13Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid. 14Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an. 15Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.
16“Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou; 17alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo. 18Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.
19“Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an. 20Nou avèk tout lakay nou va manje li chak ane devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan kote ke SENYÈ a chwazi a.
21“Men si li gen yon defo, tankou bwate, avèg, oswa nenpòt gwo defo, nou pa pou fè sakrifis li bay SENYÈ a, Bondye nou an. 22Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou yon kabrit mawon oswa yon sèf. 23Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.
Você sabia?
Dívidas, Servos e Ofertas de Primogênitos
- A cada sete anos, os israelitas deviam perdoar as dívidas de seus compatriotas. Os credores foram expressamente advertidos a não negar empréstimos apenas porque o sétimo ano de remissão estava se aproximando.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os servos hebreus que completavam seis anos de serviço deviam ser libertados no sétimo ano e supridos generosamente com rebanhos, cereais e vinho. Se o servo escolhesse ficar voluntariamente por afeição à casa, o senhor furava a orelha dele contra a porta com uma sovela como sinal de servidão permanente.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os machos primogênitos do gado e dos rebanhos eram consagrados a Deus e não podiam ser postos a trabalhar nem tosquiados. Os animais sem defeito eram consumidos anualmente no santuário escolhido, enquanto os que tinham defeitos podiam ser comidos em casa por qualquer pessoa.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 15
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org