Nations Bible

Daniel 4

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nebucadnetsar, wa a

a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a:

“Ke lapè nou kapab vin anpil!

2Li te sanble bon pou mwen deklare sign ak mèvèy ke Bondye Pi Wo a te fè pou mwen yo.

3A la gran, sign Li yo gran!

A la pwisan, mèvèy Li yo pwisan!

Wayòm Li se yon wayòm k ap dire jis pou tout tan,

epi dominasyon li de jenerasyon an jenerasyon.

4Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen t ap pwospere nan palè mwen an. 5Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz. 6Konsa, mwen te pase lòd pou fè mennen devan prezans mwen tout mesye saj Babylone yo, pou yo ta ka fè m konnen entèpretasyon a rèv la. 7Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen entèpretasyon li. 8Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:

9O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e nanpwen mistè ki difisil pou ou fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li. 10Alò, men vizyon ki te nan tèt mwen pandan mwen kouche sou kabann mwen an: Mwen t ap gade e vwala, yon bwa nan mitan tè a, e wotè l te byen gran. 11Bwa a te grandi byen gwo, e li te vin fò epi wotè l te rive jis nan syèl la. Li te vizib jis rive nan dènye pwent a tout tè a. 12Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.

13Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala youn ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la. 14Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li. 15Sepandan kite chouk la rete anrasine nan tè a, menm avèk yon bann an fè ak bwonz k ap ansèkle l nan zèb nèf chan an. Kite moun sa a tranpe ak lawouze syèl la. Kite li pataje zèb la avèk bèt chan latè yo. 16Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite sèt epòk vin pase sou li.

17Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.

18Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”

19Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.”

Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo! 20Pyebwa ke ou te wè a, ki te vin gran, e te vin fò a, wotè a sila ki te rive jis nan syèl la, e te vizib a tout tè a; 21epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la, e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a— 22se ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.

23“Epi tandiske wa a te wè youn ki t ap veye, youn ki sen, ki t ap desann kite syèl la, e ki t ap di: ‘Koupe bwa a e detwi li; sepandan, kite chouk la ak rasin li nan tè a, menm avèk yon bann fè ak bwonz k ap ansèkle li nan zèb nèf nan chan an, kite li menm moun nan tranpe ak lawouze syèl la, e kite li pataje li ak bèt chan yo jiskaske sèt epòk vin pase sou li,’

24“Sa se entèpretasyon an, O wa, e sa se dekrè a Pi Wo a ki te vin rive sou senyè mwen an, wa a: 25Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito. 26Epi, tandiske li te kòmande pou kite chouk la, ak rasin pyebwa a, wayòm ou an va asire apre ou vin rekonèt ke se syèl la ki renye. 27Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”

28Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a. 29Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone. 30Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”

31Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou. 32Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”

33Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.

34Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an;

Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan

epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.

35Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,

men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la

e pami sila ki rete sou latè yo;

epi nanpwen moun ki ka evite men Li,

ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”

36Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen. 37Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O sonho e a humilhação do rei

  • O capítulo 4 de Daniel está estruturado como um decreto imperial ou carta aberta dirigida pelo rei Nabucodonosor a todas as nações e línguas da terra. Nele, o próprio rei relata seu sonho perturbador, o período de loucura em que viveu entre os animais e seu louvor final ao Deus Altíssimo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Nabucodonosor foi o rei mais poderoso do Império Babilônico, sediado na antiga cidade de Babilônia, às margens do rio Eufrates. A narrativa relata que sua humilhação repentina ocorreu logo após ele caminhar pelo terraço de seu palácio, vangloriando-se de ter edificado a grande Babilônia por sua própria força e majestade.Fontes: Nebuchadnezzar · Babylon · o próprio texto bíblico
  • Na corte real, Daniel era chamado pelo nome caldeu Beltessazar, que significa 'Beltis proteja o rei'. Nabucodonosor recorreu a ele depois que os magos, encantadores e astrólogos babilônios se mostraram incapazes de interpretar a visão da grande árvore.Fontes: Daniel · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 6, 29, 30
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 7

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.