Nations Bible

Atos 4

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk Sadiseyen yo te rive kote yo. 2Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. 3Yo te mete men sou yo, e te mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. 4Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.

5Nan landemen, chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. 6Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. 7Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”

8Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’

12“Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

13Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. 14Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.

15Men lè yo fin mande yo kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. 16Yo te di: “Alò kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vre.

17“Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun nan non sila a.” 18Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.

19Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”

21Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. 22Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.

23Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25ki pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:

‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;

e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?

26Wa sou latè yo ap pran pòz yo

e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a

ak kont Kris Li a.’

27“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

31Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.

32Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

36Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an 37te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Pedro e João diante do Sinédrio

  • Os sacerdotes, o capitão da guarda do templo e os saduceus prenderam Pedro e João porque eles ensinavam o povo e anunciavam em Jesus a ressurreição dos mortos. Caifás, que participou da assembleia no dia seguinte, pertencia aos saduceus.Fontes: o próprio texto bíblico · Caiaphas
  • Anás, chamado aqui de sumo sacerdote, ocupou esse cargo de 7 a 14 d.C., até que um procurador romano o depôs. Caifás, que havia se casado com a filha de Anás, foi elevado ao cargo em 25 d.C.; mesmo assim, alguns judeus ainda podiam considerar Anás o sumo sacerdote legal, pois a lei mosaica tratava o ofício como vitalício, e Anás provavelmente era presidente ou auxiliar do Sinédrio. João e Alexandre, parentes do sumo sacerdote e de outro modo desconhecidos, estavam sentados com eles.Fontes: o próprio texto bíblico · Annas · John (Relative of the High Priest) · Alexander (Son of Simon)
  • Pedro, pescador de Betsaida, e João, também pescador e filho de Zebedeu, foram levados perante os governantes, os anciãos e os escribas. O conselho admirou-se da ousadia deles ao perceber que eram homens sem instrução e comuns, e notou que haviam estado com Jesus.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter · John the Apostle

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 16
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 10
  • Cyprus · 35.000, 33.000 · versículo 36

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.